KAY FANM : 16 JOU POU KASE SILANS SOU VYOLANS K AP FÈT SOU FANM AK TIFI
Li atik la👇🏿
centrealaune.com/2026/11/26/…
MATISAN : PNH ak Task Force lanse yon operasyon nan nuit 25 pou rive 26 novanm nan Matisan 2B, kote yo detwi kay chèf gang Tchèchè a. Plizyè nèg ame ki te nan bilding lan ta mouri, dapre otorite yo, san yo pa presize kantite viktim. Operasyon an vize febli gwoup ame yo.
1
113
Martine Moïse retounen nan peyi a, kote li ta pral anonse ofisyèlman li antre nan kous pou prezidan. Ansyen Premye Dam nan debake nan Kap Ayisyen an mèkredi 25 nov 2026. Pandan vizit sa a, li renouvle apèl li pou lajistis fè limyè sou asasina Jovenel Moïse la.
49
BELADÈ : #Dinel, ansyen chèf Back-Up Feray otodefans nan Mibalè a mouri nan komin Beladè nan sware madi 24 novanm 2026 la. Dapre enfòmasyon ki disponib, li ta pèdi lavi l apre yon altèkasyon ak yon moun ki, ansanm ak plizyè lòt ta retounen sou li egzekite l epi mete dife sou kò a
130
Nan yon lèt yo voye bay twa responsab nan administrasyon Trump lan, de palmantè ameriken, Gregory Meeks ak Jeanne Shaheen, mande eksplikasyon sou reta nan aplikasyon yon lwa ki vize fè limyè sou kolizyon ak gwoup kriminèl ann Ayiti. Lwa sa a te siyen 18 desanm 2025.
42
Ayiti | 54 bandi tonbe nan Matisan depi operasyon yo kòmanse daprè Lapolis
Li atik la👇🏿
centrealaune.com/2026/11/24/…
73
Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) rive enskri yon milyon sitwayen sou rejis elektoral la. Se Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki fè anons lan lendi 23 novanm 2026 la. Li prezante etap sa a kòm yon avansman nan preparasyon pwosesis elektoral la.
60
Ayiti Sekirite :Omwen sis (6) prezime manm gang ame mouri anba bal pandan yon operasyon twoup FRG yo te mennen toupre pon Marasa nan Taba, dimanch 22 novanm 2026 la. Dapre enfòmasyon Fòs la bay, sòlda yo sezi senk (5) zam gwo kalib. Gen lòt operasyon aSite Solèy ak Gwo Mòn.
79
Ayiti :Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, anonse rive nouvo ekipman militè nan Pòtoprens, samdi 21 novanm 2026. Dapre anons li a, materyèl sa yo pral sèvi pou ranfòse operasyon kont gang ame yo. Se chèf Leta salvadoryen an ki pibliye videyo ki montre ekipman militè sa yo rive
75
Beladè Ayiti: #Peterson_Petion alyas Tètè,ki deklare li te fè pati gang 400 Mawozo a, pèdi lavi li anba men yon foul moun nan kad yon zak jistis popilè, 20 novanm 2026 la.Dapre temwayaj kèk moun nan zòn nan, fòs lòd yo te deja arete jèn gason an anvan popilasyon an te egzekite l
146
Ayiti ak peyi Salvadò siyen, 19 novanm 2026 la, yon akò pou konstwi twa prizon nan peyi a. Selon minis Jistis la, Patrick Pélissier, se yon konpayi salvadoryen ki pral reyalize pwojè a an patenarya ak yon antrepriz ayisyen. Sepandan, pri pwojè a ak sous finansman an poko presize.
63
Ayiti: Lame salvadoryen an anonse, vandredi 20 novanm 2026 la, lanmò de (2) sòlda li ak blese de (2) lòt nan yon eksplozyon ki te fèt pandan yo t ap manevre eksplozif ki nan youn nan kan militè yo ann Ayiti. Sòlda ki blese yo ap resevwa swen medikal.
63
Prezidan salvadoryen an, @nayibbukele, anonse ofisyèlman kandidati li pou yon twazyèm manda nan tèt peyi a. Li fè deklarasyon sa a jedi 19 novanm 2026 la, nan kad eleksyon prezidansyèl ki pwograme pou mwa fevriye 2027 la.
51
Ayiti:Gwo kout zam ap chante depi maten jedi 19 novanm 2026 la nan zòn Matisan, kote plizyè machin blende,elikoptè ap fè fas ak manm gwoup ame « Tilapli». Selon enfòmasyon ki disponib yo, ta genyen dròn ki tonbe ki fè plizyè mò.
90
jiri federal nan Miami jwenn pastè amerikano-ayisyen Christian Emmanuel Sanon, 68 lane, koupab sou tout akizasyon ki te peze sou li nan kad konplo ki te mennen nan asasina prezidan Jovenel Moïse, an jiyè 2021.Jij Jacqueline Becerra fikse 10 fevriye 2027pou li prononse santans la
71
Kèk manb nan popilasyon sivil la ki ap viv ak gang yo alète Centre à la UNE, 18 novanm 2026 la, pou di : bandi yo nan laplèn ap mache fè reprezay sou divès moun nan popilasyon an ki nan divès ti katye tankou dalon, fon cheval akoz yo pat ale nan manifestasyon pou di aba boukele a
1
89
Gwomòn depatman Latibonit Ayiti, fòs lòd yo mete dife nan materyèl saa gang yo konn sèvi pou koupe ak barikade wout
60
Saa se yon kado mwen ofri pèp Ayisyen an nan okazyon 223 anivèsè batay vètyè a. Se sa prezidan Salvadò a @nayibbukele ekri 18 novanm 2026 la, nan yon videyo li poste pou montre kòman lame a kraze plat kay jèf gang Jeff Gwo Lwa nan kanaran.
1
131
Apre chèf gang Jeff Gwo Lwa te fin mete presyon sou popilasyon an nan plizyè zòn ki anba kontwòl li pou pouse moun manifeste kont operasyon fòs salvadoryen yo, bonè nan maten mèkredi 18 novanm 2026 la, baz gwoup ame li a nan Kanaran sibi plizyè frap anba men fòs lòd yo. #Elikoptè
*DINEPA òganize jounen pòt ouvèt sou asenisman nan kad preparasyon Jounen Mondyal Twalèt 2026 la*👇🏿
centrealaune.com/2026/11/18/…
42
















