CABE♏ (@CABELL312) header
CABE♏ (@CABELL312) profile picture
🕊️ Là où la paix règne
Joined December 2021
Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)Photo by CABE♏ (@CABELL312)
Depi 2005, plizyè lwa elektoral bay fanm yo yon rabè, poutan se yon konkou ki louvri pòt tribinal yo pou yo.
1
2
1
6
395
CABE♏ retweeted
Entrepreneuriat, production locale et financement climatique #Info #982 sur #ProFinTV #Autrement #YonLòtJan zurl.co/vBGPd
1
1
88
💯
An reyalite se travay sa tout pèsonalite enfliyan lakay nou ta dwe ap fè nan moman… Menm sou rezo n dwe fè yo pè monte.
26
Sa pa etone m ditou. Lè w konsidere dimansyon resous finansye gang sa yo rive posede jounen jodi a, èske w panse depanse 2 a 3 milyon dola ameriken pou mete jan de òganizasyon sa yo sou pewòl, se yon gwo bagay pou yo? Se petèt menm yon ti depans nan bidjè yo. Gang nan ap bay gwo lajan la.
Nou wè kijan Ayiti ki pa gen sekirite te itil anpil gwoup? Nou wè lapè n ap chache a nou pap jwenn li si nou pa fè tande vwa nou, sispann kite moun kache dèyè òganizasyon pale pou nou. Gang yo gen rezon te santi yo plen pwuisans lan. Yo te chaje bakòp. Moun yo pa pè piblikman pran pozisyon pou gang. Nou menm nou paka pè pran pozisyon kont Gang pou lavi fanmi nou ak avni peyi nou.
48
🚨 MOBILIZE 🚨
10
214
16
478
13,851
Pou nou gen 2 000 militè salvadoryen, GSF/FRG, lapolis, lame ak menm mesye Erik Prince yo sou teren an, epi malgre tout fòs sa yo, nou poko rive reprann yon sèl teritwa ki anba kontwòl gang yo. Menm sant vil Kwadèboukè, Leta poko kapab antre ladan l pou l repran kontwòl li. Èske se yon jwèt Tom ak Jerry n ap jwe la a ? Se gang yo ki sanble ap dikte kondisyon yo! Avèk tout fòs sa yo ki sou teren an, nou poko menm rive reyalize yon gwo operasyon kont nèg gang 400 Mawozo yo. Kesyon an rete poze: Ki estrateji Leta genyen tout bon vre? Ki objektif misyon sa yo, e kilè popilasyon an ap kòmanse wè rezilta konkrè? #pnh #GSF #pnh #primature #fadh
34
Lapolis ap fè teyat, pandan nou panse se yon operasyon serye k ap fèt. Matisan, Gran Ravin, Kafou, Maryani ak lòt zòn ki sèvi kòm baz oswa espas enfliyans gang yo pa ka rete anba kontwòl gang pandan y ap fè kèk operasyon nan lòt zòn epi prezante sa kòm yon viktwa. Menm bagay la pou Bercy ak Canaran: si pwoblèm nan pa trete nan sous li, operasyon yo ap toujou rete yon bagay tanporè. Fòk gen yon estrateji ki vize demantle estrikti gang yo, reprann kontwòl teritwa yo epi retabli otorite Leta sou tout zòn ki anba kontwòl ame. Peyi a bezwen rezilta reyèl, pa operasyon pou fè popilasyon an kwè gen yon chanjman lè pwoblèm nan toujou la.
*_Première Eglise Jesus Christ de Gressier_* Sa se Task Force lan kap travay la
1
133
*_Première Eglise Jesus Christ de Gressier_* Sa se Task Force lan kap travay la
6
11
3
137
17,796
Jodi a, anpil relasyon bati sou enterè, pa sou lanmou. Gen moun ki rete avè w pou avantaj, epi lè yo jwenn sa yo t ap chèche a, yo vire do. Vrè lanmou pa negosye, li pa chèche pwofi. Li chwazi moun nan, pa sa moun nan genyen. Malerezman, an 2026, nou wè twòp relasyon ki baze sou enterè. Se poutèt sa, aprann bay valè ak moun ki renmen w pou sa w ye, pa pou sa w ka ba yo.
1
89
Mwen kondane ak tout fòs mwen pratik kèk nèg ki pataje foto oswa videyo prive (nude) medam yo te voye ba yo, oswa yo jwenn yon lòt fason. Sa se yon gwo vyolasyon konfyans ak vi prive moun. Mwen swete lajistis ayisyèn pran dosye sa yo oserye epi trase yon egzanp ak tout moun ki enplike nan pratik sa a. Fòk gen sanksyon pou dekouraje move konpòtman sa a epi pwoteje diyite ak dwa chak moun.
1
1
102
Anpil fwa, nou konn gen moun bò kote nou oswa nan kontak nou, men nou pa janm benefisye de relasyon sa a. Se pa paske moun nan pa t gen anyen pou l ofri, men paske nou pa t gen ase matirite pou n konprann kijan pou n bati epi jere yon bon relasyon. Se souvan lè opòtinite a fin pase oswa lè nou pèdi kontak ak moun nan nou rann nou kont erè nou. Nou di tèt nou, Si m te konnen, m t ap pran tan pou m aprann konnen moun sa a epi devlope relasyon an.
79
Arive Martelly nan peyi a, ak jan pèp Ayisyen akeyi misye, montre klèman pèp ki nan grangou, nan mizè pa ka gen diyite. 🤦🏾‍♂️🤦🏾‍♂️
1
1
65
Bon, kijan leta ka kontinye ap gaspiye byen piblik konsa? Èske pa gen okenn enstitisyon ki responsab pou rekipere, pwoteje, epi jere materyèl leta yo? Mal Jakmèl, mwen wè anpil materyèl leta abandone bò wout. Lè m te pase Lavanno, sou wout pou Bazen Ble, mwen remake menm sitiyasyon an. Kay Jakmèl tou, se menm reyalite a. Sa fè moun poze kesyon sou fason byen leta ap jere. Antouka, nou sanble ap kontinye gaspiye resous piblik olye nou pwoteje yo pou sèvi popilasyon an.
1
53
Pafwa, ou ka vrèman sensè ak yon moun, men li pa toujou gen ase disènman pou l wè sa. Gen moun ki antre nan lavi w pou yon rezon. Pafwa, sa vo lapèn pou eseye konstwi yon bagay avèk yo, menm si rezilta final la pa janm rive jan ou te espere. Sa ki pi enpòtan an, se pa toujou kote istwa a fini, men lefèt ou te bay li yon chans, ou te aji ak bon fwa, epi ou pa t viv ak remò paske ou pa t eseye. Gen kèk eksperyans ki pa fèt pou dire, men yo toujou kite yon leson ki fè w grandi.
69
Pou yon gang rive nan nivo kriyote sa. Sa mouche Leta ap fè ak nèg sa yo?
1
1
57
Si @djk9_ ka vin djed kounya, e pa grès kakao a ki pap fè efè nan laj ou genyen an! Mesye, pa dekouraje, kontinye pase grès nou tande.😁😁😁😁
39
Avoir le Grit , c'est continuer d'essayer même quand c'est difficile au début.
19
Pou kisa Ayisyen america yo pa fè yon mach pou yo di yo dakò pou yo antre nan peyi yo. Men a kondisyon yo rezoud pwoblèm gang nan pou yo. Depi yo fèsa, yo menm yap pran agajman pou yo antre nan peyi yo san pwoblèm.
27
Relasyon yo tankou yon rezo (network), chak moun ou rejte oswa ou mal evalye se yon pòt ou fèmen, non sèlman sou moun sa a, men sou tout koneksyon moun sa a te ka pote ba ou tou.
1
19