Pinned Tweet
Li pwogram kandida @etzeremile
Sou lien sa a
voteetzer.ht/
Lajenès, nou se fòs peyi a. Nou se demografi ki pi plis la. Nou ka fe listwa Ann al enskri ansanm pou nou fè listwa.
Pwan 3 zanmi ale ansanm avèk yo al enskri nan sant CIV ki pi pre w la.
Pou w konen sant ki pi prew la, Konsilte link sa : cephaiti.ht/centres-dinscrip…
Eleksyon sa si yon kandida pou prezidan ki pa abandone kous la fe mwens ke 15 mil vwa ou met konen platform yo a se achte yo te achte 30 mil moun yo
Jefferson Docteur retweeted
Konbyen jou travay ou pèdi pou yon papye Leta?
Nan 100 premye jou yo: yon sèl kont sitwayen pou mande paspò, pèmi kondwi, ekstrè achiv ak matrikil fiskal sou entènèt, ak nimewo swivi.
Se yon pwopozisyon pa rapò ak vizyon Etzer Emile, men kontni sa a pa angaje Etzer.
#Ayiti
#Ayiti #LetaAnLiy
#Elections2026 #Haiti @etzeremile @walabre13 @JoMorency
Jefferson Docteur retweeted
politik pa dwe yon finalite .
Politik dwe yon zouti pou fe chanjman nan lavi moun
Jefferson Docteur retweeted
#Eleksyon
Si w renmen peyi w epi w renmen yon lidè tou, pa chèche mete l nan tèt peyi a sèlman paske w renmen l. Li dwe prepare (konpetan) pou l dirije. Sinon, se moun nan w ap fè plezi sou do peyi a.
Jefferson Docteur retweeted
Nan plizyè peyi atravè lemond, lè yon nouvo prezidan antre nan fonksyon li, li prezante yon plan aksyon pou 100 premye jou li yo.
Objektif la se montre popilasyon an ki priyorite administrasyon an, ki direksyon li vle pran, ki aksyon li gen entansyon lanse ak ki chanjman li vle kòmanse mete an plas depi nan kòmansman manda li.
Sa pa vle di tout sa yo dwe reyalize oswa tout pwoblèm peyi a dwe rezoud nan 100 jou.
Sa vle di travay la dwe KÒMANSE.
Premye 100 jou yo se yon peryòd pou etabli direksyon, òganize yon bon ekip, mobilize enstitisyon yo epi kòmanse aplike priyorite ki te defini yo.
Se pa sou kantite pwoblèm ki disparèt nan 100 jou yo sèlman pou nou gade, men sou aksyon ki antre an aplikasyon ak fondasyon ki mete pou rezilta alontèm yo.
Yon plan 100 jou dwe bay popilasyon an yon lide klè sou sa yon nouvo administrasyon gen entansyon fè, kijan li pral fè l epi kijan y ap mezire pwogrè a.
Jefferson Docteur retweeted
100 premye jou @etzeremile sou pouvwa an .
How to kill your political career 101
100 PREMYE JOU YO se moman pou depoze tout baz ..
Nou pa pwal fe mirak
Nou paka fè mirak
Men ou ka atann ou ke nou ap travay depi sou premye jou a.
Vizite voteetzer.ht pou plis detay
Jefferson Docteur retweeted
Ki sa nou ka atann nan 100 premye jou Etzer Émile yo? 🇭🇹
Nan pwogram li a, Etzer Émile prezante yon seri aksyon priyoritè nan kad yon apwòch pragmatik, ki chita sou aksyon konkrè ak solisyon pou kòmanse chanje reyalite peyi a.
Yon vizyon ki mete aksan sou chanjman, responsablite ak devlopman peyi a.
Dekouvri sa pwogram li sou sit voteetzer.ht
Jefferson Docteur retweeted
Kijan yon pati politik dwe fòme ?
kijan li dwe fonksyone ?
Kòman finansman yon pati politik dwe fèt ?
lex509.com/documents/loi-por…
📚 3 nouvo dokiman fèk antre nan bibliyotèk Lex 509 la!
⚖️ Bail à usage professionnel — Dekrè, 2020
⚖️ Dekrè sou avi konsiltatif Kou Siperyè Kont yo nan zafè finans piblik — 2020
⚖️ Loi portant formation, fonctionnement et financement des Partis Politiques — Lwa, 2014
Tout moun ka li yo kounye a. Gratis, san ou pa bezwen fè kont.
👉 lex509.com
#Lex509 #DwaAyisyen #Ayiti #BibliyotèkJiridik
Jefferson Docteur retweeted
Pi gwo pyèj pou nou pa tonbe,
Se lè n ap tann mirak, kou l cho li kwit nan men Salvador.
Komsi Salvador pral regle sak la a nan 2 semèn.
Depi nou pa jwenn mirak la n ap desi rapid epi nou pran di moun ki vin ede nou yo pap regle anyen. Nou fè sa pou tout etranje ki vin ede nou.
Te m raple sa ki la a pa p rezoud rapid, anplis moun ki vin ede nou yo pap ka bay Solisyon definitiv, se yon kout men y ap bay. E sa ap pran tan. Se fòs lokal pa nou, plis amelyorasyon kondisyon sosyo ekonomik k ap pote yon rezilta definitiv. Donk sa ap pran tan.
3 priyorite pou mete Ayiti kanpe .
SEKIRITE - TRAVAY - JISTIS SOSYAL
7 aks transfòmasyon ak yon angajman fèm .
Li program kandida @etzeremile sou voteetzer.ht
Jefferson Docteur retweeted
🇭🇹 Lex 509 est en ligne. → lex509.com
La bibliothèque juridique haïtienne est ouverte : codes, lois et articles, consultables librement.
































