Pou bandi yo telman asyege kapital peyi a menm kloti Mozole papa nasyon yo kraze ,Jodia yo gen odas ap site non Dessalines nan bouch yo .😢#simetyètwòpitipouyo🙌
33
🙌
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel
47
Joglem retweeted
Fòk imaj sa yo fè toune nan tout mond lan wi!
Nou dwe montre mond lan nan ki nivo ONU ak USA ap blòfe nou!
Ayisyen ki pa nan gang yo mande pou @nayibbukele kontinye fè travay la!✅✌️
Joglem retweeted
500 000 moun te mete Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa.
Jodi a, gen 909 227 moun ki gentan enskri sou sit CEP a pou al vote. Sèlman 162 949 ladan yo gen ant 18 ak 28 an, poutan gen anviwon 2 milyon jèn 18–28 an ann Ayiti.
Èske jenès la vle egzèse pouvwa l pou chwazi kiyès li vle pou dirije Ayiti? Si w pa enskri, ou p ap ka vote.
Swiv statistik enskripsyon yo chak jou sou sit CEP a: cephaiti.ht/statistiques-ins…
Fè ELEKSYON CHALLENGE la kounye a: al enskri, poste yon foto oswa yon videyo kote w ap enskri epi challenge 10 lòt jèn pou fè menm jan avèw!
Patajel 🇭🇹
Gade apre Konbyen ane map vin konnen bloke moun sou X son bgy grav. 🤣🤣🤣Moun ki aprann mw sa se li ki inik moun ki blokem sou x Depi plis ke 5 ane .#lavipapdiw.#akpasyanswawètripfounmi🤣🤣
12
Pou kantite Ayisyen ki nan match la ,kek grenn dominiken ki vin nan match sa pran nan bon nich la wi.🤣🤣🤣🤣#FootballTwitter #futbol
17
Malerezman se sa nou fè a chak fwa,lè poun chita tèt repoze poun poze vre prblm yo e jwenn solisyon dirab ,nou rale yon sijè ki divize nou pito epi nou bay tout enèji nou,lè chalè a bese nou al nan aktivite nou epi prblm nan rete entak .
Mezanmi kalme nou non. Kalme nou. 74 nou te kraze ekip la apre mondyal la. Pa fè menm erè a an 2026. Ayiti rete yon match nan mondyal la, anpil anpil match pou lavni. Nou gen yon bel jenerasyon pou n kenbe. San emosyon.
1
235
Ane pase lè konsa 99.99 % Ayisyen pat espere e kwè ke Ayiti tap patisipe nan mondial 2026 sa ,nou pat travay pou sa .Nou konn Byen nou pat travay pou sa Jodia nou gentan pi egzijan ke peyi kap envesti lajan ak tan nan jwèt sa .#mezanmibgyyopakonsa .🙌
19
Bon Kote nou jwenn ak atitid koul jo li kwit sa menm ?Komsi pou janm wè ekip sa ap jwe la nou pa satisfè🤔,nou trouve nou mète plis tan ,plis lajan ,plis strikti nan jwèt ki rele football la ke ekip kap bay rezilta nan mondial sa .#mezanmimetepyenouatè.🙌
13













