
𝐕𝐈𝐒𝐔𝐀𝐋 𝐀𝐑𝐓🎨 | 𝐆𝐑𝐀𝐏𝐇𝐈𝐂 𝐃𝐄𝐒𝐈𝐆𝐍𝐄𝐑 💻Rule #1: Always have fun 🤩💫 Honest thoughts. Just me. Football fan⚽️
Everywhere
Joined November 2020
- Tweets22.9K
- Following1.6K
- Followers1.4K
- Likes20K
L’art de pase moun nan kaka
Nap enfòme popilasyon a ke vè 11h maten a, @DigicelHT sibi de domaj adisyonèl sou wout nasyonal 1 a ki afekte plizyè sèvis. Teknisyen nou yo idantifye zòn an kestyon a, kote nou gen rapò anpil kout zam. Nap evalye aksè pi vit ke posib, pou fè reparasyon yo an tout sekirite
1
94
Jmv ♊🎨 retweeted
Jodi a, 25 novanm, se te Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm.
Vyolans ki baze sou sèks ka pran divès fòm: vyolans fizik, seksyèl, sikolojik ak ekonomik. Dapre Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), omwen 1 fanm sou 3 ki gen 15 lane oswa plis ap sibi yon fòm vyolans fizik oswa seksyèl nan lavi li, swa nan men yon patnè entim oswa nan men yon lòt moun.
Ann Ayiti, EMMUS VI, la te jwenn 29% fanm ki gen ant 15 a 49 lane te sibi omwen yon fòm vyolans fizik omwen lè yo te gen 15 lane. Nan gwoup fanm ki te nan yon relasyon epi ki te rapòte vyolans fizik, 45% te site patnè aktyèl la, epi 27% te site ansyen patnè ki pi resan an kòm agresè.
Menm sondaj la te jwenn anviwon 34% fanm ki te swa an koup oubyen marye te deja sibi vyolans fizik, seksyèl oswa emosyonèl nan men mari oswa patnè yo. Pami fanm ki te sibi vyolans fizik oswa seksyèl nan men patnè yo, 37% te rapòte omwen yon blesi grav tankou frakti e menm lanmò.
Vyolans seksyèl frape tifi tou. Dapre done UNFPA rapòte yo, anviwon 12% fanm ayisyen te sibi yin fòm vyolans seksyèl lè yo te piti.
Nan fen lane 2024 la, avèk gwo vag vyolans k ap frape divès kote nan peyi a, OIM te estime gen plis pase yon milyon moun ki te oblije kite kote yo t ap viv pou al abite nan lòt zòn (83%) oubyen nan kan refijye (17%). Pami moun sa yo, Fanm ak Tifi konstitiye plis pase 55%. Nan kan sa yo fanm ak Tifi pat epanye, vag vyolans lan te kontinye. Pifò twalèt ak kote pou benyen yo se te pou tout moun pat gen separasyon, pifò kote pou moun yo dòmi pa gen fason pou fèmen ak sekirize yo, pa gen limyè nan lannuit...sa ki te mete Fanm ak Tifi yo a risk pou sibi vyolans. E rezilta a, nan kan sa yo gen omwen yon grenn ka vyòl chak 1.4èd tan (1è ak 24 minit) sou 5 premye mwa 2024 la. Nan kan sa yo, agresyon seksyèl te ase souvan itilize tankou yon zouti pou kontwole resous yo, pou yon fanm/tifi jwenn yon bagay fòk li bay yon bagay, te gen mwens pase 10% fanm ki gen yon wòl lidèchip nan kan sa yo. Nan yon evalyasyon rapid UN Women te fè nan sis sit deplasman nan Pòtoprens, sèlman 2% fanm ki te patisipe nan sondaj la te di yo te enplike nan jesyon kan yo. Evalyasyon an te rapòte tou akizasyon sou favè seksyèl yo te mande kòm kondisyon pou patisipe nan kèk komite jesyon.
Fè pitit bonè ak maryaj anvan 18 lane rete yon lòt enkyetid. Nan lane 2024, to nesans lakay adolesan yo te estime a 49.3 nesans pou chak 1,000 fanm ki gen ant 15 19 lane. Done 2017 yo te montre tou 15% fanm ki te gen ant 20–24 lane te deja marye oswa nan yon inyon anvan yo te gen 18 lane.
Vyolans sou fanm ak tifi pa sèlman yon seri zak endividyèl. Li gen rapò tou ak inegalite, règ diskriminatwa, pratik sosyal ak langaj ki ankouraje mepri oswa kontwòl sou fanm. EMMUS VI te jwenn 17% fanm ak 11% gason te konsidere li jistifye pou yon mari bat madanm li pou omwen youn nan rezon sondaj la te site, tankou boule manje, diskite ak mari a oswa soti san l pat avèti l.
Se poutèt sa jounen sa yo enpòtan: pou nou pale sou vyolans yo, defann dwa fanm ak tifi, epi mande pwoteksyon ak jistis pou moun k ap oubyen ki sibi yo. Se yon devwa moral pou nou #PaFèSilans.
#EndViolence #EndViolenceAgainstWomen #ViolenceAgainstWomen #OrangeTheWorld
Se nou menm ankò (GASON)
Ki mete tèt nou la
Konba sa pa konba yo
Kite moun yo an repo
POUKISA PA GEN FANM
NI NAN MITAN SALVADORYEN YO
NI NAN MITAN MANB GSF yo
NI NAN MITAN POLISYE YO
NAN MISYON KONT BANDI YO ?
ESKE SE POU ENKONPETANS
ESKE SE POU ENDISIPLIN
ESKE SE JIS ESKLIZYON PA RAPÒ AK ESTEREYOTIP SOU FANM ?
poukisa okenn asosiyasyon fanm
pa revandike sa pou gen plis fanm
nan operasyon yo
nan inite espesyalize yo
nan kònelit yo ?
m jis remake absans medam yo !
1
1
90
“Fanmi gason tèlman jejjrhbdjtijdjrojfjelndjtbjfhrjjrl”
Sa m renmen a model pawòl sa yo
Se paske anpil fwa moun k ap repete sa chaje frè ak kouzen🤦🏽♂️😂
Sooo ou konprann
Sak pase la ankò???
La Police nationale d’Haïti (PNH), à travers l’UDMO, la SDPJ et la justice des Cayes, a procédé à l’arrestation de la TikTokeuse KIKA, ce mercredi 25 novembre 2026, dans l’après-midi, à son domicile, dans la ville des Cayes.
L’arrestation a eu lieu dans le cadre d’une opération menée par les autorités locales. @Lereperemedia
1
113























