planipolis.iiep.unesco.org/f…
Rapò GTEF te gen yon Gwo feblès. Nou pa wè CFEF nan lis IES yo. REFERANS swete Asiz 21, 22 ak 23 jan vye a enspire sou GTEF la san n pa bezwen kraze sa ki fèt deja pou pati sou zewo. Nou dwe fè yon GTEF 2026 revize k ap gen UCEFACAP, UCESACAP ak UCEFEF.
2 Janvye: yon jou sakre pou Ayiti
2 janvye: yon jou sakre pou Sendika yo
2 janvye 2008 - 2 janvye 2026: 18 an depi Sendika REFERANS angaje nan goumen pou defann Edikasyon bon kalite nan Respè tan aprantisaj elèv yo ki dwe chita sou amelyorasyon kondissyon lavi travayè yo.
Yon pa an plis pou CFEF.
Pou premye fwa nan listwa, yon tèz doktora fèt an kreyòl ayisyen epi li resevwa mansyon trè byen nan tradiktoloji. Doktè Job Silvert, ki te prezante 30 novanm pase yon ekspoze 26 minit an kreyòl pou defann rechèch li, bay plis detay sou travay li.
youtu.be/10c9TFWqUPw
26
2024-2054: COC la ap chante TRANSFÒMSYON. Yon lòt lekòl pou yon lòt sosyete nan yon lòt peyi! @nes
Konpa se liv ouvè epi miwa sosyete nou an.
Konpa pa sèlman mizik. Lè konpa marye ak kilti, ak literati, ak lavi nou, se miwa vivan sosyete a. Nou gen responsabilite pou nou kontinye leve nivo a atravè nouvo kou Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) la pou li toujou merite lonè nasyonal ak mondyal sa a.
Se pa san rezon nan lane 2023, tèks mizik Konpa “Dyaman nan Bidonvil” te sòti nan egzamen bakaloreya Nouvo Segondè a, epi Kou Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) te vin obligatwa nan tout lekòl ak nan egzamen ofisyèl. Nou pa te tann UNESCO pou nou konprann Konpa, mizik rasin, chan tradisyonèl yo, se pa sèlman son, se literati vivan, se naratif pèp la, se jounal sosyete a. Pawòl yo rakonte blesi listwa nou yo ki poko geri, yo rakonte tou lespwa nou yo, tout emosyon lajenès la ak nivo kilti li.
Jodi a, pandan UNESCO mete Konpa nan lis patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite, nou p ap sèlman selebre yon mizik, n ap selebre yon liv ouvè sou sosyete nou an, yon miwa ki montre nou jan nou ye nan tout dimansyon nou : nan soufrans nou, nan viktwa nou, nan bon kote nou, nan erè nou, nan rèv nou yo epi tou nan egzijans pwofesyonalizasyon tout chèn metye kiltirèl yo.
Se poutèt sa lekòl Ayiti chanje fason li anseye kilti. Nan refòm kourikoulòm 2024–2054 la, nou rekonèt li kòm yon zouti pou fòme, pou panse, pou bati konfyans, pou devlope kreyativite, pou mete timoun yo sou wout pwofesyon yo. E se la kou EEA (Edikasyon Estetik ak Atistik) pran yon valè san parèy.
Pouki nouvo kou obligatwa Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) la ?
Konpa ak tout lòt ekspresyon atistik lakay nou pa dwe rete kòm “pasyon pèsonèl” timoun yo sèlman. Se yon endistri. Se yon chèn valè. Se yon sèvis piblik kiltirèl. Se yon opòtinite ekonomik pou plizyè milye jèn. Nan kou EEA a jouk rive nan seri LLA nouvo segondè a elèv yo dwe konprann metye ki fòme chèn pwodiksyon kiltirèl mizikal la. Gen mizisyen, aranjè, pawolye, reyalizatè atistik, manadjè, pwodiktè ak pwomotè, enjenyè ak teknisyen son, videyograf, koregraf, responsab konsepsyon sèn, responsab/atache laprès-medya, responsab dwa dotè, kritik mizikal, animatè mizikal, epi tout pwofesyon emèjan ki nan mond dijital ak jenerasyon entelijans atifisyèl 21yèm syèk la.
Lè nou mete EEA nan wonn sant lekòl la, nou voye yon gwo mesaj : Ayiti gen yon gwo potansyèl kreyatif ak ekonomik kote Kilti nou se :”soft power” nou. Jenès nou an dwe konprann kilti kòm yon fòm panse ki louvri pòt sou syans, ekonomi, matematik, kodaj, teknoloji, ak inovasyon.
Yon lekòl ki reflete sa n ye, pou n kapab vin sa n vle ye
Se sa refòm kourikoulòm 2024–2054 la ap chèche : yon lekòl kote Konpa, EEA, literati kreyòl, mouvman-lekòl penti Sen Solèy, kodaj, jewometri vèvè yo, listwa ak ekonomi elatriye dwe makònen ak konpetans miltilang ki chita sou lang kreyòl ayisyen an.
Paske pa gen devlopman san kilti. Pa gen inovasyon san rasin. Pa gen nasyon san liv ki rakonte istwa li kit se nan kont, nan resi, nan mizik…. Nan moman limanite ap rekonèt ritm nou sou sèn mondyal la, an n pa bliye : nou menm Ayisyen, nou gen obligasyon pou n kontinye li liv sa a, ekri l, anseye l, pataje l, epi viv li. Paske Konpa ak lòt mizik nou yo pa sèlman mizik : se memwa, se naratif, se lavi nou.
Bon Dimanch.
17
REFERANS swete kanpay #Miltipliye_Posib la pote kichòy pou #CFEF ak #UCEFACAP paske yo se Priyorite MENFP pou 2025-2026 la. Gouvènman Ayiti a, atravè Minis #Augustin_ANTOINE ak DG #Yves_ROBLIN, ap kore CFEF ak EFACAP nan kad Refòm kourikoulè 2024-2054 la. @nesmymanigat @MENFP
Rencontre enrichissante au Sénat français avec le sénateur Patrice Joly, co-rapporteur spécial pour l’aide publique au développement (APD) au sein de la Commission des Affaires étrangères, autour du rôle du Global Partnership for Education (GPE) et de la place stratégique de l’éducation dans la coopération française. Nous avons échangé, en marge du lancement de la campagne "Multiplier les possibles" du GPE à Paris, sur les mécanismes de financement innovants et la nécessité de sanctuariser les crédits alloués à l’éducation dans l’APD. Merci au Sénateur Joly pour son engagement en faveur d’une solidarité internationale fondée sur la justice, la cohésion et le développement humain durable.
#MultiplyPossibility #FundEducation
37
Nan CFEF, Kreyòl, EEA, EC, EPS, ETAP, Matematik, Syans Esperimantal, Fransè, Istwa, Jewografi,...., ak matyè pwofesyonèl ap taye banda. Un.e CFEFien.ne est un produit rare. @UCEFACAPMenfp @RemedCfef @RTE_Menfp @lenouvelliste @nouvelliste @LeNationalHaiti @
Bon jan verite kay @sher
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹
Ou poko ap santi doulè a
toutotan sa pa touche w
nan maleng pa w la ki sanble
kou de gout dlo ak java lòt la...
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
1
47
Antouka, yon jou l ap jou.
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹
Lari isit gen koulè pèdisyon...
Lè n dakò sikile de gidon
anba poto limyè san mèch
ki fè n kwè se sèl jwèt marèl
nou ka jwe san n pa fè koken
Paske se la n resi konprann
si n foure konsyans nou nan ma labou
plen degoutans sila a
nou riske mache sou pwòp
akonplisman n
ki koute n gwo jefò
ak tout kalte sakrifis plis gran pri
Se nou k ap bay revè move lodè
ki vo anpil lane san dòmi nan je
ni jwenn liks pou n ta goute moso
lapè epi flannen lè lide n di n
Chay imilyasyon n ap pote
san twokèt
fè n sanble tèt koupe
ak yon bèl twoupo san gadò
Lè nou dakò lage desten n
nan men yon seri lidè san lide
se pa erè ase nou fè...
Men se plizyè syèk listwa n
nou dakò sakrifye tèt bese
Tandiske n pa sispann
klewonnen tout lasent jounen
"Drapo n se fyète n"
San fè yon ti jefò anplis
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
Kisa CFEF fè Leta ayisyen menm? Poukisa CFEF pa nan lis sa? Poukisa sanksyon sa menm? Ki enfraksyon CFEF ak CFEFyen yo fè? @MENFP_Education @FNEHaiti ?
Ayiti ap fete ak ou. Kontinye chèche opòtinite pou Edikasyon bon kalite. @nesmymanigat @
Le GPE souhaite la bienvenue à @nesmymanigat, comme nouvel Envoyé de haut niveau et conseiller.
Sa nomination intervient à un moment crucial pour mobiliser un engagement mondial renouvelé en faveur de l’éducation.
🔗 g.pe/5oEn50WRz11
#FinancerlÉducation
39
Viktwa pou Edikasyon bon kalite! Viktwa pou Ayiti! Bon kouraj e Bon siksè! @nesmymanigat @
I am delighted to see @nesmymanigat assume the role as GPE High-level Envoy and Advisor.
Over the past years, he has been instrumental in advancing @GPforEducation's efforts and has shown unwavering commitment to education as an accelerator of progress.
Welcome, Nesmy Manigat!
BON REKÒT LAVI. @SherlyTanis @
Pwezi Libète pran plezi swete powetès, kreyatè ribrik kotidyen Bonjou Konpatriyòt la, elatriye, ki se madam @SherlyTanis, yon kokennchenn bon rekòt lavi beni, paske jodi lendi 1 ye septanm 2025 lan make anivèsè nesans grandèt sila.
Bravo Prezidan @Lsaintcyr . Paske ou reyaji. Men, sa ki pi enpòtan se òganize yon Chita pale sensè ak Sendika yo prese prese pou pi ta pa pi tris. Deplore zak malònèt ajan sekirite MENFP yo se byen. Sa ki pi enpòtan se aji prese prese pou zak kriminèl sa yo pa janm repete.
J’adresse mes plus sincères condoléances à la famille de Wanderson ZAMY, à ses proches, à ses professeurs et camarades, à son école, ainsi qu’à l’ensemble de la jeunesse haïtienne, profondément secouée par cette perte irréparable.
En tant que père responsable et allié constant de la jeunesse, je partage avec gravité la douleur de ce départ brutal qui arrache à sa famille un fils chéri et à la Nation une jeune vie pleine de promesses.
L’État ne saurait rester impassible devant un tel acte. J’appelle le Gouvernement et toutes les institutions nationales compétentes à se mobiliser avec la plus grande rigueur et la plus grande célérité pour que toute la lumière soit faite sur les circonstances de ce drame, que justice soit rendue et que la famille de Wanderson ZAMY reçoive, de l’État, l’accompagnement, le respect et la solidarité qu’elle mérite dans cette épreuve douloureuse.
Ce drame de trop interpelle la Nation tout entière. La mémoire de Wanderson ZAMY, comme celle de toutes les vies fauchées par cette spirale de violence, doit raviver notre volonté collective de faire front commun pour réussir les chantiers de la transition. L’État a le devoir de créer les conditions de paix et de stabilité pour que nos enfants et notre jeunesse puissent vivre, s’épanouir et contribuer pleinement, avec dignité et fierté, au développement de leur pays.
Au nom de la République et de l’État haïtien, au nom du Conseil Présidentiel de Transition, et en mon nom personnel, je renouvelle ma solidarité et mon engagement à rester aux côtés de la jeunesse et des familles durement éprouvées, alors que l’État reste mobilisé pour rétablir la sécurité et créer un avenir meilleur pour chaque fils et chaque fille de ce pays.
1
40
Pwoblèm Ayiti, li se yon manman ki pwodui twòp mechan kè lanfè. @Mauricejune44 @
CFEF nan lari. Se yon wont pou Leta ayisyen. @Mauricejune44 @s





















