#Tounen, se 5e track sou EP #San_Temwen an. Se yon bèl kolaborasyon ant @Yveemizik ak @kenfsofficiel. N envite w kontinye tande pwojè a sou #YouTube ak #Audiomack. L ap disponib sou tout lòt platfòm yo byento.
#SanTemwen #YveeMizik #SafeLab
EP @Yveemizik a pote tit #SanTemwen, men, nan sousi pou pèmèt ou fè yon pi bèl eksperyans a chak fwa w tande l, atis tankou @kenfsofficiel, #HendrixKidd ak @Winnieofisyel makonnen vwa yo ak pa Yvee. Se yon bèl koneksyon. Nou kontan prezante w afich espesyal pou kolaborasyon yo.
« San Temwen », EP @Yveemizik
la, se yon makonn divés eksperyans an solo, menm jan sa konn ye pou ou. Nou kontan prezante w tracklist la. Chak track yo charye emosyon, lanmou ak detèminasyon. Prepare w pou w enjoy pwojè a apati de 5 desanm sa a.
#YveeMizik #Santemwen #safelabht
Gen yon seri de sitiyasyon lavi
enpoze w fè fas ak yo poukont ou. Lè sa, afòske w refize lage, souri w ak atitid ou konn makiye reyalite a. Sa ki fè menm pwòch ou yo pa vrèman konnen kisa w ap travèse. Lè sa, ou « San Temwen ». Randevou 5 desanm pou premye EP @Yveemizik la.
Jodi a se yon gwo jou ; se fèt beatmaker-producer nou : @FilipOfisyel Nan okazyon espesyal sa a, tout staf la ap swete l tout sa k bon yo, sitou lasante, bonè ak pwosperite pou li ak tout fanmi. N espere tou ke nouvo lane sa a ap pote anpil akonplisman nan karyè l.
Joyeux anniversaire à notre talentueuse artiste, @Winnie ! En ce jour spécial, nous célébrons non seulement une nouvelle année de ta vie, mais aussi ton talent exceptionnel et ton engagement indéfectible envers l’évolution de SafeLab.
Nou kontan anonse lis 25 kandida ki retni pou dènye faz #SafeKolabo a :
SafeLab kontan anonse lis 60 atis nou kenbe aprè odisyon nan kad konkou Safe-Kolabo a. N ap remèsye anviwon 300 jèn sa yo ki te deside patisipe. Malerezman, nou pa t ap ka vanse ak yo tout.
Randevou aswè a, apati de 7è, pou n dekouvri kokennchenn zèv chak grenn atis sa yo !
#SafeKolabo, se yon konkou SafeLab mete sou pye nan lide pou ede divès jèn, ki soti toupatou, posibilite pou ekspoze talan yo pi byen.
@kenfsofficiel , CEO labèl la, pote tout presizyon pou ou konsènan konkou sa a.
Randevou ak Opak MNG lendi 30 desanm sa a, a 4è, Chez Bibi, pou sesyon ekout premye albòm ni an ki gen pou tit #Lachepriz ! 🙌🏼
Ou kapab kontakte n pa e-mail oubyen pa whatsapp pou plis detay.
#SafeKolabo
Safe-Kolabo se yon nouvo pwojè @SafeLabht lanse nan lide pou ede jèn atis ki manke mwayen viv rèv yo. Ou gen talan men w pa gen mwayen pou w viv pasyon w ? Okazyon espesyal sa a se pou ou.
Enskripsyon yo ap kòmanse 5 pou fini 15 novanm.
#SafeKolabo #SafeLab #Music #Label
@SafeLabht est fier de vous annoncer la sortie du tout nouveau mixtape de @Djsauvage44, intitulé « #Hot_Level », ce vendredi 18 octobre. Préparez-vous à plonger dans une ambiance survoltée et à vivre une expérience musicale inédite !
#DJSauvage #Mixtape #HotLevel #SafeLab #Music


















