KonpèLojik (@antoniso) header
KonpèLojik (@antoniso) profile picture

Lojik pa janm twòp…

Albany, GA
Joined October 2010
Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)Photo by KonpèLojik (@antoniso)
Mond èspirityèl la se pa yon jwèt! Kit ou kwè l ou pa, li enfliyanse w nan yon sans ou yon lòt. Se souvan pa yon aza si w wè chak sa w fè anyen pa mache pou ou. Lajan paka rete nan men w, malgre w mete dedikasyon nan travay ou, rezilta yo pa vini. Demand ou yo pa gen janm gen swivi tandiske zafè lòt moun ap regle. Ou santi se tankou w t ap bwote dlo nan panye ki chaje twou. Lè konsa fòk ou fè sa w dwe fè pou w retire kò w nan sa w ye an. Vrèsanblableman ou sibi yon anvoutman. Ou dwe swiv yon pwosesis dezanvoutman prese prese pou w ka met lòd nan dezòd.
1
7
1,135
Gen seri moun ki chwazi abandone w nan moman yo konnen w te plis bezwen prezans yo jis paske yo panse yo te jwenn moun ki miyò pase w nan tout sans. Ebyen lè lanati aji ak yo, lè yo dekouvri reyalite an ak vrè vizaj moun yo te mete sou pyedestal yo, se ap yon chòk emosyonèl yo pran k ap kite gwo sekèl nan lavi yo. Nan lavi, leson yo bon pou aprann. Men padone pa vle di bliye ni reziye. Yon moun ki vle tounen nan vi w aprè li te abandone w nan moman difisil pa merite yon dezyèm chans.
1
102
Diskresyon ak konfidansyalite pou bokou nan bon fonksyònman relasyon nou yo. Gen yon modèl koze yon moun di w, gen yon enfòmasyon pèsonèl li pataje avè w se souvan yon tès pou l ka wè si l ka fè w konfyans. Fòk ou gen entèlijans emosyonèl pou w ka konnen lòt moun nan pa oblije di w kenbe enfòmasyon sansib yo an sekrè, ou dwe an mezi pou w detekte sa e fè l pou kont ou. Ou dwe aprann gen rekil, ou dwe kiltive tanperans ak kontwòl. Ou dwe chèche fè zanmitay ak ekilib lavi an pou w ka viv lontan.
1
107
Gen yon ti mo ki bay majorite medam yo zizirit, mo sa a se “soumisyon” Depi yo tande l lwa feminis lan monte nan tèt yo Poukisa mo sa a evoke tout emosyon sa yo? Poukisa l kataloge nan yon fason pejoratif? Si w di fanm lan li dwe soumèt anba otorite manager li nan travay la, li fè sa san kè sote. Men poukisa se yon pwoblèm pou l soumèt anba otorite mari l oswa nèg li? Pwoblèm lan se pa soumisyon an men se kiyès ki egzije l. Konsèy mwen pou medam yo olye n gen pwoblèm ak mo an chèche pito yon nèg ki gen kapasite, konpetans ak ora nesesè ki ban n anvi nou n renmen l, respekte l e ki merite soumisyon n yon fason otomatik.
94
Kèlkeswa nivo kòb ak enfliyans ou genyen, kèlkeswa nivo entèlektyèl ak ran sosyal ou atenn fòk ou pa janm pèdi imanite w ak nanm danfans ou. Yon fwa ou panse w siperyè a yon lòt nan diyite e nan valè jispaske w gen gwo kontak e gen kote w ka antre epi l pa kapab, w ap tou pèdi nanm ou tou nan sitiyasyon an. Valè moun pa achtab e l pa detèmine ni ak ran sosyal, koulè po oswa gwo non. Valè yon moun se nan fòs karaktè l, disiplin li, lwayote l ak pawòl donè l. Richès lavi a ap dodo meya nan senplisite l. Pafwa, ou dwe soti nan Lamborghini an pou w ka fè yon ti mache apye sou zèb la, konekte ak lanati, obsève yon kouche solèy, eblouyi devan yon kaskad dlo kristalen epi gade yon abèy k ap lanbe nekta yon flè. Ti jès senp sa yo vo milyon dola men manman lanati ofri n yo gratis.
2
110
Fòk ou panse l dabò avan w ka materyalize l. Tout aksyon pran nesans andedan kabòch tèt ou. Sa vle di, fokis la pa dwe sou aksyon w ap poze yo men l dwe sou ki fason w ka met lòd nan lespri w. Ranje panse w, fasone yo pou yo ka pran fòm kò yo se baz tout lòt bagay ki konekte a yo.
1
83
Pafwa nou dwe gen ase kouraj pou n di “f*ck it”, nou dwe bouke bay enèji n a moun k ap souse l san bay resipwosite. Nou dwe sispann fè sakrifis pou moun nou konnen ki pap fè l bak pou nou Pa gen anyen mal nan sa si n deside bay tèt nou priyorite. Nou pa dwe santi n koupab si n kale je n pou n reklame sa yo dwe w. Si n pa leve pou defann dwa n kòmsadwa, pèsonn lòt moun pap fè sa nan plas nou.
114
Kèk Bagay Kontwovèsyal mwen kwè ladan yo: Gen yon gè kont maskilinite Feminism detwi esans ak nati fanm Politisyen se maryonèt k ap travay pou yon elit ki pa kyè pou pèp Rechofman klimatik se radòt Gen ase richès pou tout moun sou latè viv byen, se avaris lòm ki kreye grangou ak povrete Majorite vyann ak engredyan nan gwo chèn “fast food” yo pa natirèl, se pwazon pou kò Se yon group reptilyen satanis k ap dirije lemond Sistèm edikasyon yo nan majorite peyi plis fè endoktrinasyon olye yo bay enstriksyon Majorite koze yo aprann nou nan listwa lemond (80%) se manti
114
M te pran plizyè semèn antre nan kokiy mwen, konsantre sou devlòpman pèsonèl, fè zanmi ak tèt mwen nan solitid m chwazi kreye. M remake nou pa vrèman gen bezwen anyen ki pa nan nou deja. Okenn bagay oswa pèsonn pap ka konplete n si n pa deja santi n konplè ak nou menm. Lè n renmen tèt nou, n ap ka renmen lòt moun Lè n respekte tèt nou, n ap bay lòt respè a san redi Lè n konn ki mezi sakrifis ki kache dèyè ti moso siksè, nou p ap janm rayi moun ki fè siksè, okontrè y ap sèvi sous motivasyon pou n depase tèt nou e ale pi lwen.
4
132
Ou ka fè lajan, ou ka pèdi lajan e w ka refè lajan w te pèdi an ankò. Men depi w pèdi ti moso respè nan men yon moun ou sanlè pa janm jwenn li ankò. Sa vle di depi yon moun derespekte w, pa janm kite jou an pase pou w pa regle kont ou avè l. Ou dwe gen zewo tolerans pou irespè paske l se yon atak dirèk kont entegrite pèsonalite w!
1
141
Si m ta di w vèsyon w ki entrepid, gèrye e konkeran nan rèv ou yo se ou menm li ye vrèman, w ap kwè m? Nan rèv ou yo sibkonsyan w souvan revele pati nan ou ke w pè afiche an. Ou pa yon èt lineyè, ou chaje varyab ak konpleksite ki makonnen ak nyans ki fè w sa w ye jodia, yon sipleman kosmik sou fòm imanoyid.
119
Lè w ap tann tan, li tonbe fè parese. Lè w pa sou bò l, li kouri pase Usain Bolt!
143
Si pafwa w santi w èstipid, pran kouraj paske w pa pou kò w, gen plizyè milyon moun woke nan mond lan ki panse yon ti bebe andedan vant pa yon imen epi yon gason ki met yon wòb se yon fanm!
2
153
Pafwa ou bay pa paske w konnen y ap rann ou resipwosite a non, men ou fè sa paske bay la nan ou, se nan nati w sa ye menm pou w pataje sa w posede. Men pafwa moun konn tèlman abize bonte w ak jenewozite w, yo fè w konn vle gen lide chanje sa w ye. Pa pran nan pyèj sa a zanmi, pa kite okenn vèditè ki pa vo anyen nan mond èspirityèl la fè w ipoteke kalite entrensèk linivè pwograme w avè l. Kalite w yo se pati limyè ki nan ou an, pa kite okenn moun ni prensip materyalis fè w panse yo se feblès. Se envès la, kalite yo se fòs ou, se siyati kosmik ou, se yo k mounize w pou w pa tounen yon san kè.
2
157
Se yon bagay ki danjere anpil wi lè w vin twò konfòtab nan solitid ou. Lè konsa, nenpòt moun ki antre nan lavi w ki paka fè miyò pase silans ki deja konfòtab pou ou an, moun sa a p ap dire lontan nan lavi w.
3
166
Nan sikoloji gen sa yo rele “Spotlight effect”, sa l ye? Ebyen se lè yon moun panse tout moun remake defo l oswa enpèfeksyon l yo. Men sa l souvan bliye, majorite moun deja chaje pwoblèm pa yo pou rezoud yo pa fokis vrèman nan chèche ti detay lakay zòt. Ex: Antoinette maladwatman vide yon ti gout kafe bò tete goch li, mayo blan l te mete a vin gen yon ti tach koulè mawon fonse. Manmzèl tris, nan tèt li tout zanmi l yo pwal remake tach lan. Epoutan, manmzèl pase tout jounen lekòl la san pèsonn pa di l anyen. Tout senaryo l t ap imajine yo se te andedan tèt li sèlman paske lòt timoun yo fokis sou lòt koze ki pi enpòtan olye ti tach sou mayo.
3
174
Pafwa lè w chita ap reflechi ou reyalize imaj sa a ke w pwojte pou lòt yo gade an se jis yon karapas pou w pwoteje w. Se pa moun sa w ye vrèman, ou pa brital ni antipatik. Moun “tough” yo panse w ye an se envès vrè pèsonalite w ki yon gwo kapon. Men nan yon mond ostil, ou oblije afiche imaj ki fè moun gen krentif ak respè sinon yo t ap pase w anba pye.
1
138
Lòt jou m tonbe sou yon videyo sou entènèt nan yon mikwo trotwa, yo poze yon dam yon kesyon tankou “Si l nan yon sitiyasyon ekstrèm, li gen chwa pou l sove mari l oswa bon zanmi l, kiyès li t ap sove?” San okenn ezitasyon, manmzèl di l t ap sove zanmi an epi mari l ta demele gyèt li. Videyo an vin viral, li rive jwenn mari an, misye pa yon “simp” Li mande divòs! Epi si w wè reyaksyon manmzèl aprè k ap pran pòz li pat serye! Nan yon sitiyasyon parèy, mari an byen aji. Si w avèk yon moun fòk yonn veye sou enterè ak sekirite lòt. Fòk lòt moun nan vle byen pou ou epi kreye yon klima pou nou toude epanouyi. Si moun ki nan vi w lan pa kyè pou ou, li pa gen okenn itilite nan vi w, flanke tchanpan an deyò oswa lage cha a ou menm!
3
187
Pafwa nèg la rankontre yon fanm, yonn aprann konnen lòt epi yo vin damou. Nan pwosesis lan, fanm lan mande l pou l chanje fason l ye, nèg lan dakò paske l anvi fè fanm li plezi Aprè yon tan, relasyon an vin sibi monotoni, alchimi an pa la ankò epi misye mennen envèstigasyon li trouve fanm lan twonpe l ak yon nèg ki egzakteman jan l te ye avan l te chanje pou manmzèl lan. Towo an ta toufe tèlman l fache! Me sa n dwe konprann, ou dwe chanje pou tèt ou paske w vle sa, pa paske yon moun mande w sa. Lè w chanje pou yon fanm ou vin tounen yon vèsyon ki pa eksitan pou li ankò. Pa chanje pou fanm tande towo pran sa pou leson.
5
176
Pafwa ou ka chita reflechi epi reyalize pa gen yon grenn sikatris andedan kè w se lèdmi w ki koze yo men yo tout se fri trayizon seri moun ou te panse k renmen w.
2
145
Gason bezwen fanm. Fanm bezwen gason. Pa okipe okenn sistèm k ap alimante animozite ak resantiman ant 2 sèks yo. Yo la pou divize epi pou yo ka renye. Lè fanm panse l nan gè ak gason, li izole tèt li, lè l ret tousèl li vin trè vilnerab, se sa sistèm nan ap chèche menm, yon opsyon fasil pou l etabli manipilasyon ak andoktrinasyon. Lè gason paka “lead” lè l pèdi kreyativite l ak anvi pou l konkeri, li vin efemine e redwi tèt li a yon vèsyon temu fanm. Sistèm lan manipile l e menm fè l panse tout sa k natirèl nan li toksik. Èske gason ka viv san fanm? WI! Èske fanm ka viv san gason? WI! Sijè a pat janm kiyès ki ka viv san kiyès? Men pito èske n miyò lè n amonize e chèche fè konplemantarite? Pa gen dout nan sa, lè 2 moun konprann lòt yon gason yon fanm e deside pou konstwi yon bagay ki pi gran pase yo, se objektif lavi a sa menm. Nan kosmogoni jideyo-kretyen, yo rapòte kreyatè a te di li pa bon pou lòm(gason) ret tousèl, se pou sa l kreye yon èt pou ede l, èt sa a se fanm. Granmèt la pi saj pase nou tout e l te gen rezon depi nan kòmansman.
3
209