Fòs lame peyi Salvadò a anonse, jodi 20 novanm lan, genyen 2 militè ki pèdi lavi yo ak 2 lòt ki blese.
4 Militè sa yo fè pati gwoup ki nan misyon espesyal pou jwenn 4 teknisyen ayewonotik ki disparèt nan zòn Santo yo, nan mitan mwa oktòb la.
1
29
Etidyan fakilte etnoloji yo manifeste jodi 19 novanm 2026 la, nan lari pòtoprens, pou egzije otorite yo bon jan lokal ak kondisyon ki apwopriye pou yo etidye.
1
95
Popilasyon an pran lari: Mach pasifik anba limyè Lalue pou sipòte operasyon militè salvadoryen yo ak prezidan Nayib Bukele, jodi 17 novanm lan.
36
Mach pasifik anba limyè Lalue pou sipòte operasyon militè salvadoryen yo ak prezidan @nayibbukele , lavèy 18 novanm lan.
1
50
Etidyan nan fakilte Syanzimèn tanmen yon mobilizasyon jodi 16 novanm 2026 lan nan nouvo lokal yo ki twouve l nan batiman BOJEUX ki nan rantre Pegivil. Mouvman sa a fèt nan kontèks pou mande Leta retire yo nan espas la paske li pa apwopriye ak etid yo.
1
38
Daprè sa ki rapòte sou paj ofisyèl yo, Fòs Represyon Gang yo (FRG) ap mennen yon operasyon nan nò Gwo Mòn.
Fòs lòd yo fè konnen yo demantle plizyè barikad ki te bloke sikilasyon an. Nan menm operasyon sa a 5 manm gang mouri epi twoup FRG yo sezi plizyè zam.
34
Nan kad operasyon k ap mennen kont gang ame yo, sòlda salvadoryen, an kolaborasyon ak PNH epi Task Force, reprann kontwòl estad Sylvio Cator la, yon viktwa kèk sitwayen akeyi ak satisfaksyon.
1
83
Deplwaman Salvadoryen yo: Pierre Espérance poze kesyon sou entèvansyon sòlda salvadoryen yo an Ayiti.
61
Aprè plis pase 10 lane ap sèvi lektè yo nan peyi a, libreri sosyal Livres Solidaires Haïti ap fèmen pòt li 20 novanm 2026 k ap vin la a, daprè yon atik AyiboPost pibliye jodi 12 novanm lan.
2
44
Yon responsab libreri a di AyiboPost desizyon pou Livres Solidaires fèmen pòt li a rive apre kontra yo te genyen ak Livres Solidaires Belgique te rive nan bout li, epi difikilte yo te jwenn pou transpòte liv yo an Ayiti.
1
15
Libreri sa a, ki nan Petyonvil, te ofri lektè li yo plizyè kalite liv okazyon tankou woman, devlopman pèsonèl ak lòt ankò. Li te konn sèvi plis pase 1 000 enstitisyon gras ak 60 000 liv li te konn resevwa chak ane. Daprè atik la, liv yo te konn koute ant 75 ak 150 goud.
16
Jedi 12 novanm lan, PNH la fè konnen li menm an kolaborasyon ak Task Force repran kontwòl estad Sylvio Cator, ki sitiye l nan kè Pòtoprens.
Kredi Foto: Clarens Siffroy
25









