Wi, men jodia se tout ekip la ki pa bon mèt Bobo.
1
1
120
Apre w fin bat tout ti kreten nan vil la, Ou vin lakay mèt la, ou jwenn li chita ak fanmi l byen pwòp ou vin mande l challenge, malgre li refize ou fòse l ou rele l lach jis paske w vle fè wè kew fò, se ou ki mèt la. Ebyen sa te fini trè mal.😂
An jwèt konsa fok mwen al regade fim sa anko.🤭
81
Mwen te panse fè yon tweet konsa ak menm agiman ki ta pral baze sou aspè “senbolik” la, kise yon agiman enpotan e fè anpil sans tou. Paske lè nap pale de senbòl li gen yon ansanm bagay li charye deyè l.
Pa egzanp, yon etidyan ki rive antre INAGHEI, FLA, FDSE…. l ap santi se yon fyète, paske pou li, antite sa yo se kòb taks manman l ak papa l kite kreye yo oubyen finanse yo nan yon dimansyon oubyen yon lòt. Li difisil pou etidyan sa pa choke e manifeste santiman laperèz, lè lap gade kisa enstitisyon sa yo vin tounen jodi a. (Mwen vle fè referans ak plizyè videyo kap sikile nan denyè jou sa yo). Pafwa, genyen malgre yo fini yap travay, sete toujou yon plezi pou yo pase nan espas sa yo, vin bay blag, trip elatriye.
Gen ladan yo ki konn menm konsidere espas sa yo kòm kwa se pou yo. Dayè se yonn nan rezon ki fè gen anpil kite chwazi rete domi nan antite sa yo lè matisan ak plizyè lot zone te bloke…
Nou petèt pa rann nou kont de sa, lè gang yo rive itilize lajan kidnapping, vòl machandiz, brake moun elatriye pou bati gwo Kay sa yo, senbolikman Kay sa yo siyifi:
1) kontwòl pouvwa ; 2) kontwòl teritwa ; 3) rekonesans sosyal ak 4) memwa kolektif.
Ki donk, nan kad yon batay anti-gang, lèw rive kraze espas sa yo, ou pa selman kraze l fizikman ( blok, fè, siman…) men tou se tout yon ansanm de senbòl ke w kraze.
Apre agiman senbolik la, nou te ka bati yon lòt tip agiman ki chita sou estrateji nan batay anti-gang yo. Mwen pa espesyalis nan koze lagè, men operasyon yo gen tout estrateji sa yo ladanl tou.
PÒS SA AP LONG
Pandan jodi 18 novanm 2026 la, nou wè videyo kote fòs lòd ki sou teren an ap kraze kay chef gang Jeff gwo lwa, gen anpil moun k ap poze kesyon e pami yo gen kesyon sa:
ÈSKE NOU DWE KRAZE KAY GANG YO OSWA TRANSFÒME YO?
Nan pòs sa, nou pral eseye reponn avè l e montre poukisa li ENPÒTAN pou kraze yo
Lè n ap pale de batay kont gang, anpil fwa se zam, minisyon, operasyon sekirite ak kapasite konba nou konsidere pandan nou souvan neglije youn nan dimansyon ki trè enpòtan ladan l ki se: DIMANSYON SENBOLIK LA
Yon drapo, yon logo, yon anblèm, yon inifòm, yon koulè e pafwa menm yon eslogan kapab reprezante plis pase yon senp siy pou idantifye yon gwoup. Pou gwoup oswa òganizasyon ame yo, senbòl sa yo kapab sèvi pou konstwi idantite yon gwoup, montre fòs yo, pwopaje ideyoloji yo pou rive fè popilasyon an santi yo gen kontwòl sou yon espas
Paske se pa sèlman ak zam yon gwoup ame chache enpoze otorite li. Li sèvi ak imaj, senbòl, mesaj pou fè moun kwè li gen pouvwa, li la pou l dire e pèsòn pami ka konteste pouvwa l
Gen yon etid ki te pibliye an 2018 nan jounal syantifik Poetics, yo te montre kijan òganizasyon teworis yo sèvi ak reprezantasyon vizyèl pou konstwi idantite yo epi fè pwopagann pou ideyoloji yo. Sa dwe montre nou jan senbòl yo pa la kòm dekorasyon men pito, yo fè pati fason òganizasyon an prezante tèt li epi enfliyansye moun
Se poutèt sa, lè yon sosyete ap konbat gwoup ame, li dwe reflechi sou kijan pou l rive konbat yo nan nivo senbolik yo tou.
POUKISA LI ENPÒTAN POU DETWI YO?
Lè senbòl yon gwoup anvayi lari, kay ak yon seri espas (piblik tankou prive), sa kapab bay enpresyon se gwoup sa ki mèt espas la, fè vyolans parèt tankou yon bagay nòmal pandan popilasyon an ap viv nan laperèz, elatriye
Se sa k fè retire senbòl sa, pa sèlman se efase yon logo, pa itilize yon eslogan, etc men se yon fason tou pou refize aksepte vyolans kòm yon sistèm otorite
Men gen yon pyèj pou n pa tonbe ladan l, ki se PANSE DETWI YON SENBÒL SE DETWI IDEYOLOJI KI DÈYÈ L LA
Yon logo ka disparèt, yon drapo ka retire men rezo, kwayans ak mekanis ki te pèmèt òganizasyon an egziste ka toujou egziste e enpak yo ka pran plizyè lane avan yo rive efase toutbon vre
Men aspè ki pi enpòtan an, se LETA DWE RETABLI OTORITE L ATRAVÈ PWÒP SENBÒL PA L YO tankou drapo nasyonal peyi a, enstitisyon yo tounen nan espas la ak tout sa ki reprezante leta paske peyi a p ap reprann diyite l jis paske senbòl gwoup gang yo kraze men lè leta kapab retabli otorite l kòmsadwa
N ap kanpe la men nou ka lanse deba a, poze kesyon, bay opinyon nou e se ap toujou yon plezi pou n echanje
Neg isit pa konn bliye fasil non.🤣
Broh konnya ann imajine pou yon segond tweet sa ta pase nan TL Bukele epi lap li l, Kijan lap fè konnen sa “Mirandye” vle di? 😂😂
M pat janm pale nan koze Bukele a , poum onèt m pat gen espwa ankò , se toujou nan Miradye yo konn pase nou
M sibi menm jan tankou nou , m anvi chanjman menm jan tankou nou , se sak fèm pat vle pou se toujou menm fo espwa yo
Men Konya li m kwè tout bon 🔥😂 Bukele mèt peyi🫡
1
121
Bukele fè nan mwens ke yon mwa, bagay òganizasyon ti zanmi yo pat janm gen okenn volonte reyèl pou fè.
Bukele !❤️🫶
87



























