mCo. (@mcollinx17) header
mCo. (@mcollinx17) profile picture

Hypersensitive soul & musical empath Weaving ART & PSYCHOLOGY into stories & experiences across mediums that move people toward purpose & self-discovery.

Canada
Joined July 2017
Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)Photo by mCo. (@mcollinx17)
Nou pa dwe janm sispann wè lanmounite lakay lòt la si se pa eksperyans reyèl li fè ak nou ki montre l malveyan... se sitou sa m ap defann. Kenbe grangou s on pèvèsyon li pa yon vèti ni yon valè. Nan tout byodivèsite a petèt se sèl nou menm moun ki pran sa konsa... Moun yo moun menm jan kit yo ka reziste nan advèsite ou pa... e lè advèsite fè moun yo poze move aksyon, menm si n pap deresposabilize yo pou zak yo, nou dwe reflechi sou kijan sosyste a nan espas lavi a rive kite espas pou moun yo rive nan swa, detwi lot oubyen otodetwi.
Replying to @mcollinx17
Ka kenbe grangou pa vle di travay grangou sèlman frem. Fok nou chache resous yo. M pa janm nan pwomosyon lamizè kòm flex. Fok nou ka kenbe ansanm nan moman difisil yo. Konprann byen. Ou fe eksperyans yo.
1
202
Fò n pa janm bliye bezwen egzistansyel yo kondisyone an pati nati moun yo tou. Pa gen flex nan ka kenbe grangou non😅 moun pa t dwe nan siyasyon ap fe rezistans ak vant ditou. podjab nan espas kote lamizè ap taye banda, rezistans trip vid tounen kritè mounite men reflèks kanpe nan wout la sa se nou tout ki ka genyen l pa jwenn gazolin pou vant lan.😊 Petèt si n rezoud pou toutbon pwoblem manje a pou tout moun, n ap rann nou kont te chaje bon moun pou fè lawout wi nan moun nou pat deside vanse ak yo paske yo pa gen jèvrenn pou pa fè lakilbit zonbi lè trip yo ap kòde...
Pi gwo sekrè lè w ap kreye ekip pou yon pwojè ki poko gen anpil resous. Sonje sa.
1
1
13
779
Bliye fasil se sa k ap bay denyè kout mato pou disparèt nou kò m pèp...
3
12
453
Si vakabon yo ka parèt tèt yo nan kous la, Zouzoun nan ka parèt tout kòl🤣 Les meetings de Madame Appolon le 26 décembre à Montréal le 27 à Ottawa Ticket: keskonfe.ca #humour #parodie #skit
4
6
3
97
9,970
Nouvo mizajou sou website mwen an mcollinx.com 1- Kounya gen 2 pakou w ka fè selon sa w ta renmen dekouvri 2- Nouvo akèy pou mizik mwen ladan l w ap jwenn katalog mw, bio, video kit medya, elatriye yon sèl kote... Gen plis k ap vini toujou. Pase vizite l e di m sa nou panse🤗
6
6
1
34
1,518
Mete tout sit entènèt nou ajou nèt kelke swa zouti n te itilize pou devlope l la. G on bstay sibèsekirite ki anonse la ki pa piti.
3
4
1
26
2,310
E n ap pale de yon ensekirite lajman laj kote se tout lavi a menm yon gwoup moun deside fè tounen machandiz.
Nan koze ensekirite sa, plen moun ki pèdi kay yo, sa k pèdi fanmi, pèdi pitit yo, sa k abandone tout sa yo te konstwi jis pou yo ka sove lavi yo. Sa k ret viv bò kot gang paske yo pa gen lòt chwa, plen teritwa pèdi. E Pandan ti tan sa, gen lòt k ap touche, k ap byen pase… Dèyè menm ensekirite sa, gen trafik zam ak minisyon, kidnapin pou ranson, rakèt sou biznis, peyaj ilegal sou wout ak lajan yo egzije pou swadizan “pwoteje” moun. Gen trafik dwòg, kontrebann gaz, vòl ak revant machandiz, gen trafik moun, eksplwatasyon timoun, Epi san bliye koze blanchiman lajan pou fè kòb kriminèl sa yo rantre nan aktivite sosyete a pou l parèt legal. Jan m souvan di l la, ensekirite a tou se yon politik, e bizniz sa yo pa ka mache “byen” nan estabilte Kriz sa chanje fason n viv, nou endiye a midi epi adapte n a 2 zè Pandan gen kèk gwo tèt k ap kontinye fè gwo bout tonton lajan chak jou gras ak kriz sa. Koze depoze zam sa, se nan tèt nou l ye lol ( paske pa gen bandi k pral depoze zam an plen 2026, paske depoze zam vle di kraze biznis yo) Yo alèz, yo ekpoze pil gwo kay yo, richès yo, pil zam yo, menm live yo fè ak yo (donk nou adapte n) Men dèyè tout sa yo kiyès k ap vann zam sa yo? Kòman yo ka bloke yo menm? Kiyès k ap finanse yo? Kiyès k ap touche? Ki kote lajan sa yo pase? M tèlman gen kesyon…
1
1
356
M gon fristrasyon m vle pataje ak nou: poukisa kominote nou an pa kreye espas pou pèmèt Ayisyen ki gen seri konpetans ka mete yo osèvis li? M santi g on gaspiyaj resous n ap fè paske n pa itilize moun nou yo e kite letranje pran yo e ba yo plas. Lè n resi fè ouvèti pou yo pi gwo challenge lan nou mande pou yo fè prèv yo ankò pandan y ap trennen latriye eksperyans nan domèn yo. Nouvo lidèchip k ap pran peyi a m swete idantifye tanlan ak kreye espas pou yo grandi epi sèvi peyi a se yon gwo priyorite.
3
8
1
17
1,983
Pou mwen, li pa otomatikman yon siy imatirite politik lè yon lidè politik yo oubyen pati yo pa fè kowalisyon oubyen makònnen pwojè politik ki tokay yo ansanm nan enterè peyi a. Si yon vizyon pwofon ase e byen defini pou reponn ak defi peyi a ap fè fas, sa fè sans pou lidè oubyen pati ki pote l la defann li. E si done teren yo montre yo se yon fòs politik ki ka pran pouvwa, yo pa nesesèman oblije kouri fè kowalisyon. Sa pa vle di kowalisyon pa ka nesesè nan kèk sikonstans, men li pa ta dwe yon finalite nan li menm. Se vizyon ak pwojè yo pou n enterese konnen e pote devan larepiblik pou n pase yo nan egzamen epi sonde yo. Moun yo ka toujou sanble, yo ka toujou parèt bèl pwofil ki pa t dwe ap toke kòn, men si vizyon yo pa pataje sou kijan yo vle dirije peyi sa a, se pa ni pèsonalite yo oubyen pakou yo k ap fè yo ka fè l ansanm. Okontrè, sa ka yon katastwòf pou. Menm jan nan lanmou, de moun konn bèl nan pèsonalite yo ak sa yo pote kò m pwofil men yo pa konpatib pou ansanm, konsa tou m panse nan politik moun ki sanble yo pa otomatikman konpatib. Dotanplis, nou konnen byen si motivasyon aktè yo kache, si enterè y ap defann yo tou pa ka parèt sou gran ekran, si sous kote yo jwenn lajan pou bakòp pwojè politik yo pa transparan, li konplike tout posiblite pou n mande yo pou fè youn epi koresponn pwojè yo. Transandans mande plis pase pran konsyans. Li mande disparèt menm. Kiyès ki pare pou disparèt pandan l kwè pran pouvwa se sèl fason l ka di l te egziste e make egzistans sa?
1
3
273
Petèt rezon an (oubyen youn nan yo) pa nesesèman nan etik youn ou lòt kategori yo, men pito nan youn nan pwen komen anpil politisyen Ayisyen ki aspire pran pouvwa genyen, “moun serye” oubyen “abolotcho”. Souvan anpil nan mesyedam sa yo, motivasyon pwofon ki pouse yo pran pouvwa chita nan bezwen pèsonèl yo pou soti tèt yo swa nan malsite, swa pou rezoud pwoblèm egzistansyèl manje ak bwè yo santi sèl pran pouvwa ka rezoud pou yo, oubyen pou finalman santi yo vizib, konte e valide pa yon sosyete ki bati menm pou rejte yo e fè yo santi yo pa moun. Ou ka sezi wè difikilte pou chita mete tèt ansanm pou fè konsansis e konpwomi pou pran pouvwa ansanm nan pa oblije chita nan diferans vizyon estrikti politik k ap bakòp lide “serye” w pale yo, men pito nan rapò pèsonèl chak aktè genyen ak pouvwa a. Sitou lè youn konvenki se li ki solisyon an, nenpòt jan se li sèl poukont li ki ka rezoud pwoblèm peyi a. Dayè, si w gade estrikti politik yo jan yo dizay, anpil ladan yo tounen otou yon grenn moun ki kanpe an diktatè… Primè ki fèt yo souvan fèt sou lafòm pou jwe jwèt demokrasi a, men o fon, ou ka kesyone senserite ak volonte reyèl pou bay plas pou lidèchip emèje. Pi gwo pwoblèm pwofon an pou mwen se paske youn nan rezon kle m panse ki anpeche aktè politik nou yo menm eseye imajine yon pwojè kolektif kote yo pa nesesèman nan wonn sant lan se rezon pèsonèl ki lye ak egzistans endividyèl yo oubyen sivi fanmi yo. 😒
Mande 2 moun serye pou fè yon alyans politik: deba, nyans, konfyans, statistik. Ki ideyoloji, vizyon politik, aproch. Analize pati yo, orijin, aksyon ki te poze pandan 10 dènye ane yo. Mande 2 abolocho pou fè yon alyans: Rapid vit! Video ansanm, Padon, Diskou, Akolad. Poukisa?
4
283
Wi apa yon ti sichaj m estime l gen ki ka konplike adaptabilite e ak lizibilite sou fòma piti. Egzekisyon an w pa ka repwoche l ni kreyativite, ni orijinalize, ni rezonans ak sa regleman an te mande. Pwoblem nan se entansyon rebranding nan, rezondèt li epi estrateji ki bakòp li.
pwosesis kreyatif la top kalite, bèl ikon ki fasil pou adapte. mw pa gen dout ke designer a kem konnen pèsonèlman egzekite brief la ak brio. pwoblèm nan kounya chita nan demach ki mennen brief la, yon rebranding enstitisyonèl kòmanse byen avan designer a.
181
Se sa ki tris la. UEH la patko pare e se Jerry ki pral pran kolateral.
Replying to @mcollinx17
kounya frè nou Jerry kap santi piblik la rejte travay la alòske se travay enstitisyon an ki mal fèt
1
1
771
Yonnpati nan jistifikasyon rebranding nn te chita sou mak adaptabilite logo sa ak kasitel pou l dekline sou tout antite yo. Gen yon chwa achitekti "branded house" pou antite yo ki fèt tou ki kesyonab...menm konprann gon volonte pou alinye ak jan branding Inivèsite fèt globalman kounya. Pran egzanp Avad la.
Replying to @mcollinx17
yon senp rebranding ki ale nan sans sa te kapab pwoteje rektora a
2
4
1,515
Se te youn nan sousi m sa lè m te ap gade regleman an. Pou mwen demach yon rebranding vizyèl dwe vini pou sipòte chanjman estriktirel ak inovasyon ki fèt nan enstitisyon an nan fason li vle ofri eksperyans ki kadre ak reyalite global la e adrese bezwen yo men sitou rezooud defi yo. Se pa vizyel la ki te dwe anonse inovasyon ni chanjman yo li te dwe vini pou rakonte l e bay enstitisyon an nouvo zouti pou aliye eksperyans andan an ak jan moun deyo ap konekte ak li a travè storytelling. Klach y ap pran sitou sou Facebook montre moun yo pa t pare pou sa.
Replying to @mcollinx17 @UEHAITI
mw rejwenn ou. onètman, mw panse sitou ak kriz ueh la ap viv la, rebranding li dwe jwe yon wòl plis ke maketin. konkrètman se rafine logo a, san chanje fas prensipal ueh la.
3
8
1,130
Lakilti se youn nan pi bèl pwopriyete limanite te ka posede.👌🏾
2
6
383