👤 (@DecemberPapi21) header
👤 (@DecemberPapi21) profile picture

Engineering | Social Work | Social Media Marketing | Management | Music #RealMadrid #CR7 #KingJames #Federer

Ohio, USA
Joined December 2010
Li vrèman enteresan jan staff prezidan Bukele a jere narativ la depi avan menm operasyon yo te kòmanse, men spesyalman jounen jodia a 18 novanm ki se yon gwo jou senbolik pou pèp ayisyen an. 1. Timing lan : Byen bonè maten an avan tout moun kòmanse pale e gentan mete vye narativ pa yo deyò pou sikonstans lan. 2. Sib ki chwazi a : ki se kay gang leader nan Kanaran, yon lòt senbòl fò ejemoni bandi sa nan zòn nan. Detay operasyon an : ki montre evidans se pa bagay dan lè, se pa fake men pito aksyon konkrè. Videyo montay la nan li menm : Clip la kòmanse ak yon ekstrè videyo bandi a li menm te lage pou montre siksè ak dominasyon l; Li anchene ak fason fòs militè yo mennen operasyon an ki mennen a destriksyon chato bandi sa. Kominikasyon ekip sa se wololoy 😊
5
6
70
3,517
Nan kèk videyo k ap sikile, ak moun k ap fè analiz, m rann mwen kont anpil ladan yo pa t konn enpòtans lanmò 100 jou anndan Viv ansanm, se te gang ki t ap alimante lòt bandi yo a zam Dapre ekspè ONU yo nan yon rapò k te sòti, gwoup gang Lanmò San Jou ap dirije a, se youn nan prensipal enpòtatè ilegal zam ak katouch ann Ayiti. (sa vle di sa l di a) E se la n ap pi byen konprann tou operasyon Kwadèboukè a gen plis sans ke sa m ta panse, si sikilasyon zam ak katouch atravè 400 Mawozo yo ralanti, lòt gang nan kowalisyon an ka santi efè a tou. Donk atake l lan trè estratejik se eseye koupe sous zam lòt gang yo.
12
33
5
387
16,400
Nou dwe pridan ak moun n ap poste sou paj nou wi, paske anpil ladan yo se travay gang yo y ap fè pou chanje naratif sa k gen la, m pa pral di sa k ap fèt la pafè paske sòlda savadoryen yo sèlman pa pral janm ka pote yon estabilite san volonte konkrè fòs inite lakay nou yo Men tou n dwe evite bay modèl moun sa yo sa y ap chèche an, ki se vle chanje naratif lan, fè n pè pale, pè denonse, e eseye montre Bukele koz moun ap mouri anba bandi a koz atak yo. Donk pridan!
Mwen se swiv m ap swiv anfen 💔
78
46
23
215
62,857
Gang a sapat yo pou Bukele, gang a kravat yo pou Pèp la🇭🇹✊🏽
8
47
5
162
7,539
PRAN TAN POU NOU DI MOUN NOU RENMEN YO PADAN YO VIVAN
2
2
180
Replying to @DecemberPapi21
Vokabilè “egri” sa se jis yon teknik entimidasyon pou moun aksepte nenpòt fason moun rive fè lajan. Menm ti mesye Kwadèboukè yo itilizel tou!! Kou sa pap pase 👍🏾
1
58
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim. Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou. Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an. Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt. Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
148
708
51
3,369
106,592
#Haiti: An jeneral, Ayisyen gen yon respè patikilye pou sa ki sakre. Respè sa a anrasinen nan edikasyon ak kilti nou depi nou tou piti, men, teworis yo pa respekte menm kote moun konsidere kòm sakre yo. Zak yo raple fè sonje metòd gwoup ekstremis vyolan tankou Boko Haram ak Al-Shabaab, ki deja komèt atak kont kominote relijye yo kote yap feraye. Nan dat 1e Avril 2021, yon gwoup teyoris te voye youn nan yo antre nan yon legliz Advantis nan Diquini, (Kafou), pandan yon sèvis adorasyon ki tap retransmèt an dirèk, pandan yo menm tap chanje :".Le nom de Jésus est si doux" yon bèl chan ki nan "Chant D'Esperance" fransè an, mesye yo te kidnape Pastè Audalus Estimé ansanm ak twa lòt moun. Zak sa a te yon gwo kou pou kominote kretyèn nan. Li te simen laperèz nan mitan fidèl yo, ki te vin gen rezon pou yo pè menm anndan kote yo te konn al chèche lapè, gras ak rekonfò espirityèl. Lè teworis rive vyole sakralite yon legliz, se pa sèlman fidèl yo yo atake, se libète relijyon ak diyite tout yon sosyete yo menase. Misyon @nayibbukele an dwe kontinye se sel espwa pou kanpe aktivite kriminel sa yo. Letènèl frape yo! @nayibbukele manyen yo!
10
45
7
102
18,604
Mwen depoze sa la @nayibbukele
3
24
1
46
3,014
Depi 29 jen 2026, OFAC, ajans ameriken ki jere sanksyon finansye yo, mete yon mekanis ofisyèl disponib pou moun ki anba sanksyon yo mande revizyon desizyon sa yo. Mekanis sa a pèmèt yo prezante prèv ki montre akizasyon yo pa gen ase fondman, oswa sikonstans ki te jistifye sanksyon yo pa egziste ankò. Kidonk, si Martelly konsidere akizasyon ki fèt kont li yo san fondman, poukisa li bezwen angaje yon konpayi lobbying (125 mil dola depo epi 50 mil dola pa mwa), pou eseye enfliyanse responsab politik Washington yo? Nou tout konnen poukisa. Nou fè peyi a twòp mal. Sa p ap pase.
Le contrat signé pour Michel Martelly prévoit un dépôt initial de 125 000 dollars américains, auquel s’ajoutent des honoraires mensuels de 50 000 dollars, selon des documents consultés par AyiboPost⬇️ ayibopost.com/michel-martell…
1
45
1
88
5,449
Li kite sigarèt la limen nan tou 2 pwent yo pou ONU ak Leta Ayisyen😊 Kòm yo t ap mande l Poz, ebyen l lage yon videyo ki montre volonte l pou detwi Gang sal sa yo La Kounya😊 si ONU ak Leta Ayisyen egzije poz sa, n ap konn kiyès y ap defann. #EchecEtMat
19
90
10
490
11,841
Where and when did @nayibbukele stated he was going to bomb hospitals or cité soleil ? 🧐 400mawozo ain’t in cité soleil ! YOU ARE WRONG !!!!!!!!!!!!! Y’all are taking this way too far and twisting Bukele’s words completely out of context. The work you’re doing in Cité Soleil is truly remarkable and deserves recognition on its own merits. But using his remarks to draw attention to your cause is misleading and unnecessary. You don’t need to manufacture controversy to showcase the incredible work you’re already doing. Your impact speaks for itself.
Replying to @nayibbukele
@nayibbukele All of Cité Soleil Haiti isn’t gangs. You’ve requested locations to target. Here’s one to spare . 🚨🚨🚨Centre Hospitalier de Fontaine is a civilian hospital with patients and staff inside. Location: 18.5956° N, 72.3277° W (Plus Code HMWC+6WX). Please do not strike this site🚨🚨🚨 This is my appeal to you to spare my father’s 35-year-old hospital when operations in Cité Soleil Resumes. We’re the only full service hospital left. #haitielsalvador #haitigangs #citesoleil #PortAuPrince #haiti
1
1
3
1
1,920
M ap atire atansyon nou sou yon ekip nouvo kont twitter ki kreye ant septanm ak oktòb 2026 ki gen menm diskou a e ki manche antre anba pòs anpil moun. Jis pa okipe yo.
29
46
10
366
42,102
Replying to @DecemberPapi21
💯 Youn nan pi bon leson pandan misyon anti-gang sa a ak lidèship Salvador ! 🇭🇹💛🇸🇻
1
1
59
👤 retweeted
Aswè a Zile Tropicana man Tropicana night club,se la pouw ye🤍👌🏾
1
4
40
3,142
That’s where the gangs live. Some of those Haitians were paid to protest. Others suffer from Stockholm syndrome, believing one gang oppressor is their savior from another gang oppressor. They need conscious Haitians to help them win the psychological war. We are fighting back.
Hundreds of Haitians gathered in Canaan, north of Port-au-Prince, to protest the presence of Salvadoran military forces. 🇭🇹🇸🇻 Demonstrators rejected foreign military operations deployed in the Cul-de-Sac plain, warning that foreign interventions put civilian populations at severe risk. Community leaders demanded respect for local sovereignty, calling for peace, healthcare, and schools rather than further militarization. Courtesy: Viory #Haiti #ElSalvador #PortAuPrince #Canaan #teleSUREnglish
13
7
37
1,671
Replying to @DecemberPapi21
Kounya nou pedi tan bay li retweet tchipppp Se Sam tap di ye a wi « yo tout usa 🇺🇸 »
1
1
1
411
Replying to @DecemberPapi21
Nou bezwen yon lòt Dyaspora. Yon Dyaspora ki panse otreman e ki pa nan danse Kole ak gang ou Politisyen.
1
3
350
👤 retweeted
This is gang controlled territory these people are either forced to protest or are accomplices! Your pro gang narrative is showing
Hundreds of Haitians gathered in Canaan, north of Port-au-Prince, to protest the presence of Salvadoran military forces. 🇭🇹🇸🇻 Demonstrators rejected foreign military operations deployed in the Cul-de-Sac plain, warning that foreign interventions put civilian populations at severe risk. Community leaders demanded respect for local sovereignty, calling for peace, healthcare, and schools rather than further militarization. Courtesy: Viory #Haiti #ElSalvador #PortAuPrince #Canaan #teleSUREnglish
9
16
2
91
4,008