👤 (@DecemberPapi21) header
👤 (@DecemberPapi21) profile picture

Engineering | Social Work | Social Media Marketing | Management | Music #RealMadrid #CR7 #KingJames #Federer

Ohio, USA
Joined December 2010
Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)Photo by 👤 (@DecemberPapi21)
Replying to @AdoAdo02
😂😂
23
Gen bwouya kote w ye a kolòn?
Quand tu n’as même pas encore mis les pieds au bureau et qu’on t’attend déjà devant ta voiture avec un bouquet de fleurs bleues… 💐 Difficile de commencer la journée avec une plus belle énergie. 🥹💙💕
1
243
Nivellement par le haut 🙌🏽
Good thing about the 🇸🇻 intervention is that it’s forcing everyone to up their communication game. GSF has been tweeting more. PNH is providing footage of attacks with Task Force. Its good that we know what’s going on and that something is actually going on. Menm PM la tweet plus
91
Wap wè jan de atis ak enfliyansè sa yo k ap pran lapawòl pou kritike Salvadoryen yo. Yo vini sou tout fòm e ak tout kalite defans men se menm ide a : patriyotis, desalinyen, dwadelòm, domaj kolateral etc.. (menm si gen de kesyon lejitim ki ka poze e tout moun ki poze kesyon pa otomatikman afilye ak gang) Kidonk nenpòt jan w vire l li pa tap janm fasil pou atis ak enfliyansè pran pozisyon pou dechouke "ti mesye yo" paske an reyalite se siviv yap siviv tou menm jan avè n, men vrè kesyon an se... KILÈ KONPWOMI POU SIVIV TOUNEN KONPLISITE ?
8
3. Dènye kategori atis la se sa ki kwit ansanm ak bandi. Yo konfòtab e chwazi pwofite nan sistèm nan. Yo pran tout avantaj yo ka jwenn nan men bandi. Moun sa yo involve nan aktivite bandi. Yo konn menm arive ede gang, fè pwopagann pou yo oswa sèvi enterè yo volontèman. Sa plis sanble kolaborasyon. Leplisouvan sponsor pwogram yo se bandi oubyen chèf bandi yo (gang ak kravat). Moun sa yo pa pè defann bandi sou rezo ak nan media, dèfwa sibtilman men anpil fwa yo pa care yo just afiche yo.
1
9
2. Gen yon dezyèm gwoup atis ki pa rantre twò fon nan aktivite ak bandi men yo konnen yo, pran favè nan men yo. Yo aprann konpoze ak sistèm nan pou travay yo pa kanpe. Annenmo, yo konn fonksyone : pou biznis yo pa kanpe, pou yo ka kontinye sikile, pou pwogram yo pa bloke, pou pwoteksyon pa yo ak staff yo. Sa pa otomatikman fè yo tounen konplis, men plis konpwomi an ap repete se plis li ka tounen depandans. E depandans konn fè moun fè silans. Atis sa yo pa fòseman kont Bukele, men yo pa pral kouri pran pozisyon toutoman yo pa wè chanjman radikal pou yo konnen yo safe e yo pa bezwen fonksyone ak bandi yo ankò (pa nesesite).
1
11
Nan konjonkti entèvansyon Prezidan Bukele yo : 1. Wap jwenn kèk atis ki dakò pran gwo frap nan biznis yo, ya ka pèdi kontra, òpòtinite ak lajan men yo evite jan de sèvis ak rapò sa yo ak bandi yo. Yo pa anpil men yo la. Atis sa yo jeneralman ka pale e kritike deriv yo ouvètman, ki rete yon aktivite trè riske depandaman de kote yap viv. Paske nap dakò moun sa yo trè popilè, tout moun rekonèt yo. Donk lavi yo kab reyèlman an danje. Gen kèk lòt ki pran prekosyon paske yo menm ak fanmi yo ekspoze, e nou paka kont yo. Sa pa vle di yo dakò. Pran pozisyon kont gang konn vle di pafwa ou oblije mezire sa wap di.
1
11
So eske atis la toujou lib pou l di non? Presyon pa menm bagay ak konplisite. Gen omwen 3 pwofil atis nan reyalite sa, 3 reyaksyon diferan (sim ka di l konsa), devan menm sistèm nan : Reziste | Fonksyone | Pwofite
1
8
Sa se yon egzanp men nou tout konn reyalite a pi grav ke sa: Bandi ap fè gwo pwogram, sponnsorize atis... Bagay la menm rive nan nivo se pwogram bandi yo vle fèt ki fèt, yo mete pòs peyaj etc... Ki vle di nèg sa yo gen kontwòl preske tout sa kap fèt kòm aktivite ekonomik nan peyi a, sektè atistik la pa epanye.
1
10
Premye favè a sanble gratis, jiskaske yo vin mande w peye l. Se konsa ti aranjman tounen dèt. E lè moun ki fè w favè a gen zam, refize remèt sèvis la ka mete viw an danje. Lòt aspè nou ka konsidere, afòs ke menm sikonstans lan ap plede repete, relasyon ap devlope natirèlman, santiman de redevans (dèt) anvè moun sa ki ap plede bay favè a ap grandi. Epi men danje a! Bandi vin tounen "ti mesyeu yo", Senp pasaj vin tounen "nou gen yon ti batmen la atis mwen, nap bezwen w vin ba nou respè a..." Men ou menm kòm atis ki tonbe nan yon meli melo ak bandi notwa jis paske w aksepte de sèvis pou convenience ak konfò.
1
9
Avantaj yo genyen anpil moun pa genyen : yo POPILÈ. Tout moun konnen yo, bandi yo tou. E se la tout pwoblèm nan chita... Imajine yon atis ki pral jwe, gang bloke wout la, li jwenn pasaj (paske l se atis yo renmen mizik li). Sa sanble yon favè pandanke sikile nan peyi w se yon DWA. Lè yon gwoup ame pran dwa sa epi l remèt ou l kòm "favè", li gentan gen pouvwa kontwole w. Yo kite w pase jodia. Demen yo mande w yon sèvis (pale ak entèl pou mwen). Apre demen, yo bezwen w anime...
1
10
Lè gen ensekirite, wout bloke, kidnaping etc, yo afekte tou, biznis yo frape tou, yo pap viv sou yon lòt planèt, se menm reyalite a pou yo. Kisa ki anpeche yo viktim, sak anpeche bandi touye yo, boule kay yo? Anyen! Yo paka pwoteje tèt yo fas ak gang sa yo ki ame jouk nan dan, leta pa ka asire pwoteksyon yo nonplis menm jan ak pèp la.
1
28
Peyi sa gen kèk tan lap fonksyone nan yon ekonomi ki chita sou banditism men dènyè ane sa yo la fenomèn nan akselere. Sa vle di li ra pou gen yon sektè kap byen fonksyone ekonomikman poul pa gen koneksyon de lwen ou de pre ak bandi. Nan ka pa atis yo, ki yo menm tou ap fonksyone nan menm ekonomi sa, ann fon ti lojik byen senp :
1
60
M konprann santiman sa e dèfwa m konn santi menm fristrasyon an tou men si n byen gade, pwoblèm nan pi pwofon ke sa. M panse atis yo nan yon gwo dilèm e se pa tout silans ki vle di dakò ak gang. Men poukisa... 🧵
sa pwal difisil pou mwen anpil. Se yon gwo efò pou m fè pou sa. Men m dwe detache m de atis Ayisyen. Mesyedam silans nou sou sitiyasyon peyi an vrèman pa fè sans. Lè peyi bon, nou benefisye de li. Fanatik ba nou yon platfòm ke nou refize itilize.
1
1
108
Nan yon peyi kote bandi gen pouvwa sou lavi moun, popilarite yon atis ka tounen pi gwo pwoteksyon l, men tou, pi gwo pyèj li
85
Replying to @Pimalud @HannArts97
Bruhhhh 😂😂
1
38
Replying to @Schadd07
Moun mwen pran l pou mwen bro 😅
1
46
Replying to @HannArts97
Pepite ap just pa ale ditou 🌚
28
Wow, the game is actually interesting 😂😂
2
304