REMED CFEF (@RemedCfef) header
REMED CFEF (@RemedCfef) profile picture
Port-au-Prince
Joined April 2023
Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)Photo by REMED CFEF (@RemedCfef)
50 460 #email delivre pou rezilta #BAKALOREYA2023 nan 3 jou. Felisitasyon pou ekip teknolojik #BUNEXE #UTICE #USI nan @MENFP_Education k ap reyalize yon gwo tranzisyon nimerik malgre yon kontèks difisil, sòti nan enskripsyon kandida ak korektè anliy, rive nan piblikasyon rezilta ak diplòm legalize anliy atravè email.
29
2
177
29,230
REMED CFEF retweeted
"Il ne s'agit pas d'une politique de formation d'un ministre, mais d'un besoin exprimé par tout un pays". Propos du DG de l'@ONAPEHT, Dr @rvbquot, au 3ème jour de l'atelier, ce 6 septembre 2023, en présence de plusieurs partenaires évoluant en éducation. instagram.com/p/Cw33vABNObN/…
Madi 5 septanm, ouvèti dezyèm jounen atelye travay la te fèt anprezans Minis @nesmymanigat, DG @ONAPEHT, Doktè @rvbquot, ak plizyè lòt aktè nan sektè edikatif la. Refleksyon ak diskisyon yo te plis chita sou Politik nasyonal fòmasyon anseyan yo... instagram.com/p/Cw1HdzzL2M4/…
8
10
375
Minis @nesmymanigat anonse, jounen mèkredi 6 septanm 2023 a, gen twa (3) desizyon ministeryèl ki pral pibliye pou antre lekòl 2023 - 2024 la. Desizyon sa yo ap konsène : 1) Kad fòmasyon anseyan; 2) Pèmi pou anseye; 3) Referansyèl konpetans anseyan yo. Diferan aktè ak patnè nan sektè edikasyon an, ki te reponn prezan nan atelye a, bat bravo pou desizyon sa yo ki pral sèvi zouti valab pou ranfòse metye anseyan an ak kalite edikasyon an nan peyi Dayiti. @MENFP_Education @nesmymanigat
1
10
16
1,068
Replying to @MENFP_Education
@MENFP_Education - 3yèm jounen atelye travay sou referansyèl konpetans pwofesyonèl anseyan yo, ak politik nasyonal fòmasyon anseyan yo. Nan twazyèm ak dènye jounen atelye a, Minis Edikasyon Nasyonal la, Pwofesè @nesmymanigat anonse 7 gwo aksyon @MENFP_Education prevwa reyalize pou ane akademik 2023-2024 la; ladan yo nou jwenn: akonpayman pou paran, akonpayman pou elèv lekòl ki deplase akoz ensekirite ki gen nan zòn yo, akonpayman nan aprantisaj. @MENFP_Education vize tou travay sou enklizyon tout timoun, fòmasyon pou pèsonèl edikatif yo, dyalòg sosyal ak sendika anseyan yo, travay sou modènizasyon sèvis pou itilizatè yo.
8
11
1
28
6,893
En dépit du désaccord des Dominicains en ce qui concerne la construction par Haïti de la dérivation du canal sur la rivière Massacre, la population du Nord-est n’en démord pas. Les travaux se poursuivent et ont atteint la rive où l'eau commence à couler dans le canal sur la partie haïtienne. Une lueur d'espoir pour la population de cette zone qui espère avoir de l'eau pour arroser la plaine marebareau et avoir des récoltes.
54
58
9
470
64,700
Replying to @MENFP_Education
@MENFP_Education/ BSEA-ENF Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl. Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal Alfabetizasyon an dewoule, an Ayiti, jounen vandredi 8 sektanm 2023 an prezans minis edikasyon an, Pwofesè @nesmymanigat ak reprezantan @UNICEFHaiti, @unesco_haiti ak plizyè kad @MENFP_Education. Se nan Otèl Caribe ak nan lokal Sekreteri Deta Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl (BSEA-ENF) aktivite yo reyalize sou pilotaj BSEA-ENF, patnè teknik ak finansye li yo, nan tèt kole ak Direkson Ansèyman Fondamantal (DEF) k ap pilote edikasyon nonfòmèl pou @MENFP_Education. Tèm nasyonal la se: "Alfabetisazasyon ak Edikasyon nonfòmèl, men nan men ak lavni sou chemin lavi." Sekretè Deta a, Madam Sandra Jacques Suzette Michel SAINT GEORGES, nan diskou sikonstans lan eksprime satisfaksyon li pou jan li menm ak ekip li ap dirije a chanje estrateji #BSEAENF, ki pèmèt, selon sa l di, plis moun kòmanse apresye travay k ap fèt pou marye alfabetizasyon, teknoloji ak reyalite moun yo pou fè yo fè, yo menm menm, tout sa k ap pèmèt yo devlope konpetans yo.
12
1
18
1,782
Felisitasyon Teddy Rickerley FELIX, PREMYE LOREYA Bak Inik 2023, #SID, 18 lane, Collège Frère Odile Joseph, Seri "syans, matematik, fizik" ki reyalize 1669/1900. Tankou tout bachelye, l ap resevwa rezilta nan #email li apati menfp.gouv.ht/#/home #BUNEXE. Avan lontan l ap ka resevwa tou relve nòt ak diplòm deja legalize pa @MENFP_Education @MAE_Haiti nan email li.
28
191
27,529
Dezyèm jounen atelye travay sou gran chantye @MENFP_Education yo pou ane akademik 2023-2024 la. Pandan jounen sa a, Minis @nesmymanigat ankouraje patisipan yo travay sou dokiman kadraj aksyon fòmasyon anseyan yo. Se #DFP ki prepare dokiman sa a pou ane lekòl 2023 - 2024 la. Yon lòt bò, nimewo 1 @MENFP_Education an mande tout aktè ki te prezan yo pou fè li bon jan pwopozisyon sou travay «komisyon nasyonal pou devlopman validasyon aki eksperyans pwofesyonèl yo». Minis lan fè konnen dokiman sa yo enpòtan anpil nan dinamik transfòmasyon edikasyon nan peyi a.
16
13
32
6,158
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl louvri, lendi 4 septanm 2023 nan Otèl "Royal Oasis" nan Petyonvil, yon atelye 3 jou pou travay sou dokiman «Referansyèl konpetans pwofesyonèl anseyan yo» ak dokiman «Politik nasyonal fòmasyon anseyan yo». Nan atelye sa, patisipan yo ap gen pou valide dokiman kadraj oryantasyon ak aksyon fòmasyon yo. Se Minis Edikasyon an, pwofesè @nesmymanigat, nan yon entèvansyon a distans, ki lanse aktivite sa a, ki enskri nan kad preparasyon rantre lekòl la ak gran chantye @MENFP_Education pou ane akademik 2023-2024 la.
11
18
54
6,493
Depi lane 2021, Nasyonzini dekrete dat 31 out kòm jounen entènasyonal moun kòd lonbrik yo mare ak Lafrik. Nan okazyon selebrasyon jounen sa a, @RTE_Menfp ap envite w reviv yon pati nan espektak tèt ansanm, "souvni kamarad klas" elèv plizyè lise zòn metwopolitèn Pòtoprens la, nan dat 14 jiyè 2023. @MENFP_Education @nesmymanigat #Souvnikamaradklas2023
31 out : Jounen Entènasyonal moun ki gen rasin afriken. Depi 2021 Nasyonzini chwazi jou sa pou selebre kontribisyon #Afrodescendants yo. Li lè pou nou sispann wont anseye kilti nou nan lekòl nou. Nouvo kou obligatwa Edikasyon Atistik/Kiltirèl nan lang nou, se yonn nan fason pou nou retwouve chimen Listwa ki se chimen Lespwa. Lè yon peyi vle pèdi wout Listwa, Edikasyon se dènye zèl kat. #LivInik #LekòlPaKaTann
2
13
22
8,289
✍️Ou aprann mwen viv Ou ban m anvi viv Ou pran pasyans avè m Mwen sere w jouk nan kè m Pou m ka renmen w pi plis Louvri wout pou limyè lanjelis Antre nan jaden flè choublak Kote m toufe nan galata m Pou ou, bon siwo. @SherlyTanis
8
25
2
86
7,724
@RTE_Menfp, 1 000 followers sur Twitter ! Un grand merci à notre précieux public ! Votre fidélité envers la Radio Télévision Éducative, la tribune de l’éducation, est le moteur qui nous pousse à offrir des contenus plus pertinents et beaucoup plus enrichissants. Merci !
3
10
27
1,073
Mèsi ak DG Jacques Ronald Jean pou prezans li nan seremoni rekonpans premye edisyon konkou redaksyon "Cahiers de l'Inaghei" ak sipò li nan kad reyalizasyon konkou sila a ! @RemedCfef @RTE_Menfp – at Haiti
1
3
110
Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Pwofesè @NesmyManigat, ansanm ak plizyè kad nan @MENFP_Education vizite 2 sant koreksyon depatman Lwès pou founi je gade kijan pwosesis la ap vanse. Se te okasyon pou Minis lan chita pale ak pèsonèl egzamen ofisyèl yo. Li te pwofite remèsye pèsonèl anseyan ak tout aktè ki te mobilize pou egzamen Leta yo te byen dewoule. @nesmymanigat #LekòlPakaTann
Education/Examens/Correction Visite de supervision du Ministre MANIGAT aux Centres de correction des copies du bac de l'Ouest au Collège St Louis de Bourdon et à l'école des Frères FIC de Pétion-Ville m.facebook.com/story.php?sto…
1
7
13
635
Yon sèl pwogram ofisyèl toupatou nan tout lekòl nan peyi a, se yonn nan objektif #LivInik la. Jodi a, mwen pase ankouraje pèsonèl yonn nan antrepo Liv @MENFP_Education. Liv sa yo ap distribiye gratis nan tout lekòl nan peyi a selon pwogram rantre lekòl 2023-2024 gouvènman an. #LekòlMiltilang #LekòlPaKaTann
19
2
90
16,417
Sekretè Deta Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl la, Madam Sandra Jacques Suzette Michel SAINT GEORGES, lanse ofisyèlman jounen jedi 17 out 2023 a, jounen entènasyonal Alfabetizasyon, ki selebre chak ane nan dat 8 septanm. Pou ane sa a, Tèm @UNESCO pwopoze a se : "Promouvoir l'alphabétisation pour un monde en transition: bâtir les fondations de sociétés durables et pacifiques". Tèm Nasyonal la se: "Alfabetizasyon ak Edikasyon NonFòmèl, men nan men ak lavni sou chimen lavi". Sekretè Deta a te pwofite anonse yon kanpay pou sansibilize tout moun sou enpòtans alfabetizasyon ak pi bon estrateji pou kwape fenomèn moun pa konn li a nan peyi a. Selebrasyon jounen 8 septanm nan se yon moman favorab ki makonnen ak yon seri aktivite #BSEAENF lanse nan lide pou bay alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl la plis jarèt nan peyi Dayiti. @MENFP_Education @nesmymanigat @bseahaiti
Edikasyon/Alfabetizasyon/ Edikasyon Nonfòmel Jedi 17 Out 2023 a, Biwo Sekretè Deta pou Alfabetizasyon ak Edikasyon Nonfòmèl la lanse ofisyèlman kanpay kominikasyon sou selebrasyon 57yèm jounen entènasyonal alfabetizasyon an. Selebrasyon jounen sa a ap fèt 8 septanm 2023. Tèm nasyonal la se: "Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl, men nan men ak lavni sou chimen lavi". @MENFP_Education @nesmymanigat @bseahaiti
1
11
16
3,864
Bakaloreya Jou J-7. Plis pase 12 000 pwofesè deja enskri ANLIY sou menfp.gouv.ht/#/home. @MENFP_Education kontan wè Direktè ak pwofesè lekòl yo detèmine pou repran kontwòl salklas yo. Pa bliye, tout bachelye yo ka resevwa ANLIY relve nòt ak diplòm bakalorera deja legalize. Mezi sa yo, se pou evite fwod nan egzamen, fo papye bakaloreya, epi pou pwoteje dwa paran ak elèv.
15
1
29
6,466
Poukisa se elèv yo ki toujou sib? Poukisa nou pa mete lòd nan politik pito? Poukisa poko gen yon pledwaye pou gen yon Dekrè pou 3 Gran Platfòm Politik ann Ayiti? Konsa ap gen teknisyen pou teknik, politisyen pou politik, diplomat pou diplomasi. @OEAHaiti @opl_haiti @PrimatureHT
Edikasyon/Egzamen Minis Edikasyon Nasyonal la envite tout moun fè solidarite ak elèv yo ki pral konpoze nan bakaloreya sòti 31 jiyè rive 3 out 2023. Minis MANIGAT kwè sendikalis yo ki se esponsab ki se paran tou, pral rekonsidere mouvman grèv yo a, nan dat egzamen Leta yo.
3
100
mwen toujou tande manman toujou gen anpil lanmou pou pitit li,pou'l pran swen 'l e ba li lanmou men poutan se diferan le w gade jan @MENFP_Education ap trete @cfef99 etan sel grenn pitit.@cfef99 se sel lekol kap fòme enseyan pou 1, 2, 3e sik fondamantal.
1
4
1
3
281
#MÈSI pou bèl leson solidarite, viv ansanm e sitwayènte sa. Pi gwo viktwa nou se paske nou deja enspire yo lòt jenerasyon #GRENADYÈZ pou apre. Se pou sa kou Edikasyon Fizik e Espòtif obligatwa nan egzamen ofisyèl 9è ane apati 2024. #ALASO pou lòt chanpyona !
17
57
5,828